Kontak pou Laprès:
Patty Abril
[email protected]

Deklarasyon Majistra Konte Miami-Dade Carlos A. Gimenez konsènan aktivite jèn ak kan ete yo

MIAMI ( Me 22, 2020 )

Vandredi 22 me 2020, Gouvènè Florid la Ron DeSantis te siyen Dekrè Egzekitif 20-131 ki pèmèt òganizasyon aktivite jèn yo rekòmanse. Dapre dekrè gouvènè a, kan ete ak kan divètisman pou jèn yo ka fèt tou.

Mwen vle klarifye ke dekrè Gouvènè a pa aplike pou Konte Miami-Dade nan moman sa a. Apre mwen fin pale ak biwo Gouvènè a Gouvènè a, nou rete dakò ke restriksyon aktyèl Konte a sou aktivite jèn yo ak kan yo ta dwe rete nan plas pandan Gwoup TravayKonte a sou Aktivite/Kan ete ap kontinye travay avèk ekspè medikal nou yo pou finalize rekòmandasyon sou fason pou operasyon yo kapab rekòmanse san danje. Objektif mwen se pou kan ete ak lòt aktivite pou jèn kapab kòmanse nan dat 8 jen, yon fwa doktè yo ak pwofesyonèl sante yo detèmine ki mezi ki dwe aplike pou kenbe timoun nou yo ak kominote a an sekirite.

Rezidan yo ta dwe okouran ke gen anpil dekrè egzekitif ki toujou anvigè nan Konte a. Yo kapab wè yo nan miamidade.gov/newnormal, ansanm ak Gid Nouvo Nòmal la. Tout lòt enfòmasyon konsènan COVID-19 la, genyen dènye rekòmandasyon CDC yo sou sante ak sekirite nan miamidade.gov/coronavirus.