Kontak pou Laprès:
Patty Abril
[email protected]
305-582-6939

Majistra Konte Miami-Dade la, Carlos A. Gimenez, siyen amannman ki fèmen manje sou plas soti minwi rive 6 a.m.

Etablismans manje yo ka kontinye operasyon kwizin pou pla a anpòte ak sèvis livrezo.

MIAMI ( Jen 30, 2020 )

Madi 30 jen 2020, Majistra Konte Miami-Dade Carlos A. Gimenez te siyen Amannman 5 Dekrè Egzekitif 23-20 an ki fèmen tout sèvis manje sou plas apati soti 12:01 am rive 6 am chak jou nan etablisman sèvis manje pou moun chita manje pou plis pase uit moun. Amannman sa a ap anvigè a 11:59 p.m. mèkredi, 1ye jiyè 2020, epi li rete an vigè jiska nouvèl lòd.

Majistra Gimenez di: "Nou dwe pran aksyon sa a pou nou bese dènye ogmantasyon Konte ka COVID-19 nan Miami-Dade. Twòp moun te rasanble nan restoran nan mitan lannwit, sa ki fè etablisman sa yo tounen yon plas elvaj pou viris sila a ki ka touye moun."

Restoran ak etablisman manje yo ka kontinye opere sèvis kwizin yo pou bay pla a anpòte ak livrezon. Anplis de sa, anplwaye, pèsonèl netwayaj, kontraktè ak pèsonèl livrezon yo va otorize gen aksè nan etablisman sa yo an tout tan. Amannman 5 la swiv aksyon ki te pran nan dimanch 28 jen an, lè Majistra Gimenez te siyen Amannman 5 Dekrè Egzekitif 23-20 ki deklare pa gen okenn etablisman ki dwe vann alkòl pou konsomasyon sou plas soti 12:01 am rive 6:00 am chak jou. Dekrè sa a te an vigè depi 11:59 pm. lendi 29 jen 2020.

Anplis de sa, Amannman 4 la di ke hookah lounges rete fèmen. Pou mizajou ki pi resan sou sitiyasyon an, ale nan miamidade.gov/coronavirus.