Kontak pou Laprès:
Patty Abril
[email protected]
305-582-6939

Majistra Konte Miami-Dade Carlos A. Gimenez siyen amannman ki limite orè pisin ak lavant alkòl nan otèl soti 3 rive 6 jiyè

Yo va bay aksè sèlman a envite ki rete nan chanm yo, epi yo dwe obsève limit kantite kliyan yo.

MIAMI ( Jiyè 01, 2020 )

Madi 30 jen 2020, Majistra Konte Miami-Dade Carlos A. Gimenez te siyen Amannman 1 to Dekrè Egzekitif 25-20 ki egzije otèl, motèl ak lojman komèsyal nan Konte Miami-Dade pou mete restriksyon sou aksè a pisin ak lavant alkòl. Dekrè sa a ap anvigè a 12:01 a.m. vandredi, 3 jiyè 2020 epi pwolonje jiska 11:59 p.m. lendi 6 jiyè 2020.

Tout pisin nan otèl, motèl ak etablisman lojman komèsyal yo dwe fèmen a 8 p.m. chak swa jiska 6 a.m nan maten ki vin apre a. Lè pisin yo louvri, se sèlman envite ki rete nan chanm établissements sa yo ka sèvi ak pisin, epi kapasite an jeneral yo pral limite a 50 pousan kapasite arebò pisin lan. Yo pap otorize vann oswa konsomasyon alkòl sou arebò pisin anvan 11 a.m. ak apre 8 p.m.

Konte Miami-Dade ap fèmen pisin ak arebò pisin nan nenpòt etablisman lojman komèsyal ki vyole kondisyon sa yo pou wikenn 4 jiyè jiska 7 jiyè 2020 an.

Yo va bay aksè sèlman a envite ki rete nan chanm otèl, motèl ak etablisman lojman komèsyal yo dwe pèmèt aksè nan chanm yo, epi yo dwe obsève limit kliyan yo.

Polis Miami-Dade pral soti an fòs nan fen semèn sa a, ansanm ak depatman polis minisipal yo, pou gade kijan etablisman komèsyal yo respekte règleman Nouvo Nòmal yo. Vyolatè yo ap fè fas a yon deli kriminèl dezyèm degre ki va lakoz jiska yon amann $500 ak 180 jou nan prizon.

Amannman sa a etabli estanda minimòm pou Konte Miami-Dade. Minisipalite yo ka enpoze estanda ki pi sevè pou jiridiksyon yo.

Majistra Gimenez te di: "Ogmantasyon resan ka COVID-19 nan tout Konte Miami-Dade egzije pou nou pran mezi sa yo. Pandan ke nou vle tout moun yo jwi wikenn kat jiyè a, nou dwe pwoteje sante piblik kominote nou an. Pa gen okenn aksyon pi patriyotik pase pwoteje lavi tout moun nan Konte nou an."

Plaj yo ap rete fèmen apati 3 jiska 6 jiyè.

Nou pa otorize parad.

Gen restriksyon pou moun fè espektak fedatifis lakay yo, nan machin oswa deyò, sèlman si distans sosyal omwen sis pye respekte oswa moun mete mask yo. Tout pak yo ap rete fèmen a 8 p.m. epi yo va fèmen pou espektak fedatifis, jan sa detaye nan Dekrè Egzekitif 25-20 an.

Tanpri note ke kèk minisipalite mande itilize mask menm deyò avèk sosyal distans, kidonk, tanpri revize tout règleman vil nan zòn ou ap viv oswa gen plan pou vizite a.

Pou mizajou ki pi resan sou sitiyasyon an, ale nan miamidade.gov/coronavirus.