Kontak pou Laprès:
Patty Abril
[email protected]
305-582-6939

Tout lokal tès COVID-19 nan Konte Miami-Dade fèmen akoz Tanpèt Twopikal Isaias

MIAMI ( Jiyè 30, 2020 )

Tout lokal tès COVID-19 nan Konte Miami-Dade pral fèmen nan fen jounen travay jedi 30 jiyè 2020 an, pou prepare pou Tanpèt Twopikal Isaias. Operasyon tès yo va rekòmanse semèn pwochèn pi vit ke posib apre pasaj tanpèt la epi nou ap evalye kondisyon yo.

Pou enfòmasyon sou tanpèt la, tanpri kontinye tcheke miamidade.gov/hurricane.

Pou plis detay sou kilè sit tès COVID-19 yo ap relouvèti ak kijan pou pran randevou, klike isit la.