Kontak pou Laprès:
Patty Abril
[email protected]
305-582-6939

Konte Miami-Dade dispoze $20 milyon nan lajan soulajman COVID-19 la pou United Way nan Miami-Dade

Rezidan Konte Miami-Dade ki ap fè fas a difikilte finansye ka aplike pou asistans a kout tèm apati 5 out

MIAMI ( Dawout 05, 2020 )

Konte Miami-Dade ap fè patenarya avèk United Way of Miami-Dade pou kontinye bay moun ki ap travay di ak fanmi yo asistans ak soulajman pandan pandemi coronavirus la. Konte a devlope Pwogram Asistans Miami-Dade akoz Pandemi an ki va kòlte a difikilte ekonomik a kout tèm atravè asistans finansye pou depans de baz tankou manje, sèvis piblik, gadri, depans medikal ak asistans pou lwaye, pami lòt bezwen. Avèk 5 kay sou 10 (54%) nan Konte Miami-Dade ki ap viv nan povrete, oswa tou pre viv nan povrete, pandemi an agrave yon sitiyasyon ki deja difisil pou moun ak fanmi ALICE (Byen limite, Revni pa sifi; Anplwaye).

Majistra Konte Miami-Dade Carlos A. Gimenez te di: "Kolaborasyon Konte nou an avèk United Way nan Miami-Dade pral asire ke rezidan yo resevwa asistans yo bezwen an pou fin pase pandemi sa a. Mwen remèsye Komisyonè Komite Konte an pou aksyon rapid pou ede rasyonalize pwosesis sa a." Pwogram Asistans Miami-Dade akoz Pandemi an ke Lwa federal CARES finanse, gen objektif pou kontinye ede moun ak fanmi ALICE yo ke konsekans ekonomik kriz pandemi an afekte, ki gen ladan rediksyon tan travay, konpresyon ak revokasyon. Moun ak/oswa fanmi ki te fè eksperyans gwo pèt revni, vin pap travay,ap fè ti dyòd ak/oswa ki ap fè fas a depans san atann akoz COVID-19 la, e yo se rezidan Konte Miami-Dade ki ka aplike pou asistans apati 5 out. Aplikasyon an disponib nan lang anglè, panyòl ak kreyòl klike isit la. Pou plis asistans, ou ka rele 305-646-7068.

Konte Miami-Dade te chwazi United Way pou distribye $20 milyon fon federal akòz eksperyans li genyen nan travay sou bezwen kominotè. Anplis de sa, United Way te ap bay asistans dijans ak soulajman pandan pandemi an depi mitan mwa mas la atravè Fon Repons Miami pou Pandemi an, dispoze plis pase $3.6 yo ramanse pou moun, fanmi ak ti biznis COVID-19 la te afekte. Fon an te lanse ak $500,000 kòm yon rezilta kolaborasyon donè yo ki gen ladan United Way.

Maria C. Alonso, prezidan ak CEO United Way Miami-Dade te di: "Nou te byen wè difikilte finasye popilasyon ALICE nou an ap fè fas atravè efò repons dijans nou te kòmanse nan mwa mas. COVID-19 te teste rezolisyon kominote nou an pandan ke li souliye pouvwa travay ansanm nan direksyon bagay ki pi gran. Nou rekonesan pou konfyans Konte nou an epi nou fyè pou nou asosye nan efò enpòtan sa a pou leve vwazen nou yo nan tan gwo bezwen sa a."

Resous COVID-19:

Anplis de fon an, lòt efò COVID-19 United Way gen ladan distribisyon manje, opòtinite volontè vityèl ak an pèsòn ak voye lèt dijital bay ewo yo. Aprann plis isit la.

Konsènan United Way Miami-Dade

Since 1924, United Way of Miami-Dade has been an innovative force in the community, successfully responding to emerging needs and transforming people’s lives. Today our work is focused on education, financial stability and health – the building blocks for a good life. We invest in quality programs, advocate for better policies, engage people in the community and generate resources. To learn more, give, advocate or volunteer, visit United Way of Miami-Dade on the

Depi 1924, United Way Miami-Dade te yon fòs inovatè nan kominote a, nan reponn ak bezwen dijans epi transfòme lavi moun yo. Jodi a travay nou konsantre sou edikasyon, estabilite finansye ak sante – bonjan baz pou lavi miyò. Nou envesti nan bon kalite pwogram, defann pi bon politik, angaje moun ki nan kominote a ak jenere resous. Pou aprann plis, bay, defann oswa sèvi kòm volontè, vizite United Way Miami-Dade sou wèb, Facebook, Twitter oswa Instagram.