Kontak pou Laprès:
Patty Abril
[email protected]
305-582-6939

Deklarasyon Majistra Konte Miami-Dade Carlos A. Gimenez sou enpòtans tès pou COVID-19

MIAMI ( Dawout 27, 2020 )

Pandan Konte Miami-Dade ap kontinye anpeche COVID-19 gaye, nou bezwen èd kominote nou an pou kontinye fè tès pou viris la. Plis nou fè tès, pi vit nou ka louvri plis biznis san danje epi fè moun retounen travay.

Nan moman sa a, nou gen plis sit tès gratis ki disponib nan tout Konte an pase tout tan anvan, epi tan pou tann nan sit nan machin ak apye rive nan minimòm paske mwens moun ap chèche fè tès.

Li enpòtan pou kominote nou an pa satisfè sèlman paske nou te kapab redwi to pozitivite ak ospitalizasyon nou yo. Yon lòt ogmantasyon ka fèt ankò si nou pa vijilan epi nou pa mete mask oswa pa fè distans sosyal. Tès se yon eleman kle nan estrateji ekspè sante piblik nou yo rekòmande pou kenbe kominote nou an an sekirite.

Ou pa bezwen gen sentòm pou fè tès la. Si ou panse ou te an kontak ak yon moun ki gen viris la, ou ta dwe fè tès imedyatman epi rete lwen lòt moun jiskaske ou jwenn rezilta sa yo.

Li enpòtan pou fè tès paske omwen 50 pousan moun ki gen viris la pa gen okenn sentòm, dapre etid medikal yo. Sa vle di yo kapab simaye viris la san yo pa konnen bay lòt moun ki ka gen gwo risk pou yo malad grav ak COVID-19 epi abouti nan lopital.

Nou vle evite tout ogmantasyon ak lanmò. Nou pa dwe chaje tèt doktè lopital nou yo, enfimyè ak tout lòt pèsonèl sante ki te fè yon travay ewoyik san rete depi mwa mas pou sove pasyan COVID-19 yo.

Tanpri, piga nou konplezan pandan pandemi sa a.

Fè pati pa w la. Al fè tès. Sove lavi.

Klike isit la pou yon lis sit tès gratis ak pran yon randevou.