Kontak pou Laprès:
Patty Abril
[email protected]
305-582-6939

Konte Miami-Dade lanse aplikasyon CombatCOVID MDC pou bati sante kominote a

Aplikasyon sekirize a asire pwoteksyon vi prive ak konfidansyalite, pandan li konplete nouvo Minibis Tès Konte a pou ede diminye pwopagasyon an

MIAMI ( Septanm 17, 2020 )

Mèkredi 16 septanm 2020, Konte Miami-Dade te lanse fòmèlman nouvo aplikasyon trasaj kontak li a ki rele "CombatCOVID MDC."

Nouvo aplikasyon sa a disponib nan lang angle, kreyòl ak panyòl. Li ede kenbe kominote Konte a an sante pandan li ap bati konfyans tou pou biznis lokal yo ka kontinye relouvri. Konte Palm Beach ap itilize menm aplikasyon an tou, epi Broward ap konsidere aplike li, kidonk va genyen sinèji nan tout Sid Florid la.

Aplikasyon sekirize sa a pa bezwen okenn enfòmasyon pèsonèl. Li pa fè trasaj okenn GPS oswa pozisyònman. Tout enfòmasyon rete sekrè pou satisfè pwotokòl sekirite maksimòm yo.

Majistra Konte Miami-Dade, Carlos A. Gimenez, te deklare: “Aplikasyon CombatCOVID MDC a ap ede nou kontinye amelyore sante nan rejyon an pou moun ka retounen travay e biznis yo ka kontinye rekipere. Bon bagay konsènan aplikasyon CombatCOVID MDC sa a, se ke li fèt yon fason pou asire ke moun pa gen absoliman okenn rezon pè ke gwo gouvènman ap swiv chak mouvman ou. Li reyèlman la pou pwoteje sante endividyèl ak vi prive. "

Aplikasyon an enkòpore koneksyon Bluetooth pou avize itilizatè yo, san bay non, si yo te tou pre yon lòt moun ki te telechaje aplikasyon an epi ki te rapòte ke yo te pozitif avèk COVID-19.

Si aplikasyon an te endike potansyèl ekspozisyon, yo rekòmande itilizatè yo pou izole tèt epi fè tès imedyatman, paske menm moun ki santi yo ansante ka pwopaje viris la bay moun yo renmen ak moun ki gen gwo risk pou yo malad grav.

Si yon itilizatè teste pozitif, aplikasyon an ap alète lòt moun yo diskrèman pou ale fè tès san li pa janm divilge idantite itilizatè aplikasyon an.

Aplikasyon gratis CombatCOVID MDC a ka telechaje sou Apple Store pou iPhone, ak magazen an Google Store pou android.

Li fonksyone san ou pa wè nan telefòn selilè a, kidonk itilizatè yo sèlman bezwen asire ke yo pa fèmen li lè yo fèmen lòt aplikasyon yo. Li dwe rete ouvè pou li kontinye travay.

Aplikasyon sa a konplete trasaj kontak Depatman Sante Florid la, ki gen trasè kontak ki va rele moun ki te teste pozitif yo nan telefòn pou ede yo pwoteje lòt moun kont ekspozisyon.

Gimenez te di: "Trasè kontak yo jwe yon wòl enpòtan nan ede nou diminye pwopagasyon COVID-19 la nan Konte nou an. Alò, tanpri pa rakwoche si ou jwenn yon apèl ki soti nan Depatman Sante. Yo la pou ede nou konfidansyèlman. "

Anplis nouvo aplikasyon CombatCOVID MDC a, Miami-Dade te deplwaye uit nouvo Minibis Tès nan tout Konte a, epi kat lòt gen pou rive.

Minibis Tès Konte a pral konsantre sou zòn ki pa gen anpil sèvis yo,yo va rete nan makèt, estasyon Metrorail, pak piblik, etablisman espò, epi menm Zoo Miami. Chak minibis ka rete fasilman nan pakin yo, epi yo va teste jiska 250 moun pa jou.

Pou dènye enfòmasyon yo, klike isit la.