Kontak pou Laprès:
Natalia Jaramillo
[email protected]

Konte Miami-Dade pwolonje orè sit pou fè tès ak vaksinasyon kont COVID

MIAMI ( Jiyè 23, 2021 )

Konte Miami-Dade ak Nomi Health ap travay di pou akomode dènye ogmantasyon demann tès ak vaksinasyon akòz pwopagasyon varian COVID la ak nouvo egzijans vwayaj yo. Yo te ogmante orè sit yo epi yo te ajoute lòt anplwaye.

Majistra Miami-Dade la, Daniella Levine Cava te di: “Nou enkyete anpil pou nouvo vag ka KOVID sa a nan Miami-Dade. Chif yo trè klè: yon gran majorite moun ki abouti lopital akòz COVID, se moun ki pa vaksinen. Nou ap fè yon apèl a tout moun ki poko vaksinen pou yo ale pran vaksen pi vit ke posib pou pwoteje tèt yo ak moun yo renmen yo. Nou rekòmande tou pou tout moun mete mask nan gran foul moun oswa alantou moun ke yo pa konnen si moun sa yo te pran vaksen, epi fè tès si ou gen sentòm COVID-19 yo. Nou soti twò lwen e nou fè twòp pwogrè pou nou ta fè bak kounye a."

Enskri pou fè tès isit la epi enskri pou vaksinasyon isit la. Nou ofri vaksen Pfizer ak Johnson & Johnson.

Orè yo te pwolonje nan plizyè sit ki gen ladan:

TROPICAL PARK
7900 SW 40th Street, Miami
Li fonksyone 7 jou pa semèn
ORÈ TÈS: 7:00 am - 6:00 pm
ORÈ VAKSINASYON: 7:00 am - 6:00 pm

MIAMI DADE COLLEGE NORTH
11380 NW 27th Ave . Miami, FL 33167
Li fonksyone 7 jou pa semenn
ORÈ TÈS: 7:00 am - 7:00 pm
ORÈ VAKSINASYON: 7:00 am - 7:00 pm

TAMIAMI YOUTH FAIR GROUNDS
11201 SW 24th St Miami, FL 33165
Li fonksyone 7 jou pa semenn
ORÈ TÈS: 7:00 am - 4:30 pm

ZOO MIAMI
12400 SW 152nd St. Miami, FL 33177
Li fonksyone 7 jou pa semèn
ORÈ TÈS: 7:00 am - 7:00 pm
ORÈ VAKSINASYON: 7:00 am - 7:00 pm

AVENTURA MALL
19495 Biscayne Blvd Aventura , FL 33180
Li fonksyone 7 jou pa semèn
ORÈ VAKSINASYON: 10:00 am - 7:00 pm
TÈS YO VA KÒMANSE 24 jiyè: 10:00 am - 7:00 pm

RAPEL POU VAKSINASYON:

  • Enskripsyon davans pa obligatwa, men nou ankouraje sa. Tanpri enskri isit la
  • Nou ankouraje moun pote pyès idantite ak kat asirans yo, men yo pa obligatwa
  • Pou yon mizajou sou kritè elijibilite Florid, vizite: https://floridahealthcovid19.gov/vaccines/

RAPEL POU TÈS:

  • Pa gen sentòm ki obligatwa
  • Pote pyès idantifikasyon avèk foto
  • Nou ankouraje moun pote kat Asirans yo, men sa pa obligatwa
  • Gen tès ki disponib pou timoun ak granmoun
  • Pa gen twalèt ki disponib pou itilizasyon piblik
  • Gen tès ki disponib pou nenpòt moun kèlkeswa kote w ap viv
  • Enskripsyon davans pa obligatwa, men nou ankouraje sa. Enskri isit la

Pou yon lis aktyalize tout lokal tès ak vaksen nou yo, vizite miamidade.gov/covid.

Rele 305-614-1660 pou sipò telefonik nan lang angle, panyòl, ak kreyòl.