Kontak pou Laprès:
Luis Espinoza
[email protected]

Konte Miami-Dade fè chanjman enpòtan nan pwogram asistans finansye chofè taksi, jitney, ak limouzin

MIAMI ( Oktòb 30, 2020 )

Peryòd aplikasyon pou Pwogram Fon Dijans (EFP) a chofè taksi, jitney ak limouzin lan te pwolonje jiska 15 novanm. Anplis de sa, te gen kèk chanjman nan pwogram lan ki va nan avantaj chofè ki kalifye yo. Chanjman sa yo gen ladan:

  • Chak a chofè taksi, jitney ak limouzin ki soumèt yon nouvo aplikasyon oswa ki deja aplike va resevwa yon sibvansyon $550 pou bezwen debaz yo.
  • Montan maksimòm sibvansyon yon chofè kalifye ka resevwa te ogmante soti $2,800 rive $5,000.

Objektif prensipal pwogram lan se bay asistans finansye a a chofè taksi, jitney ak limouzin Miami-Dade County ki gen lisans valid avèk anrejistreman valid apati 1ye mas 2020 ke COVID-19 la te afekte.

Pou Chofè taksi, jitney, ak limouzin, fon sa yo ka bay soulajman pou enpak COVID-19 la lè yo kouvri depans ki elijib nan kat kategori: (1) depans Ekipman Pwoteksyon Pèsonèl (PPE) ki ranbousab; (2) depans fonksyònman machin ki ranbousab; (3) depans biznis ranbousab ki nesesè pou kenbe biznis la operasyonèl; epi (4) lwaye oswa ipotèk ki ranbousab. Depans elijib sa yo dwe fèt ant 1ye mas 2020 e 30 desanm 2020, epi aplikan yo dwe gen dokiman ki pwouve  tout alokasyon fon yo.

Fon total ki disponib atravè pwogram sa a se $10 milyon ki soti nan lwa federal Coronavirus Aid, Relief, and Economic Security Act, ke yo rele tou CARES Act la. Se Depatman Transpò ak Travo Piblik Konte Miami-Dade (DTPW) ki administre pwogram lan.

Pèsonèl Divizyon Regilasyon Transpò Pasaje DTPW (PTRD) ap kontakte chofè ki te deja aplike pou detèmine elijibilite yo pou montan maksimòm asistans finansye $5,000 a. Yo va bay aplikan yo opòtinite pou yo soumèt dokiman adisyonèl anvan dat limit 15 novanm pwogram lan.

Dokiman ki obligatwa pou kalifye pou pwogram EFP a gen ladan prèv depans, relve labank, deklarasyon taks, ak yon anrejistreman chofè ki valid apati 1ye mas 2020.

Lòt prèv depans ak / oswa pèt revni ke yo pral aksepte pou ranbousman nan plas deklarasyon labank ak deklarasyon taks yo enkli:

  • Ekipman Pwoteksyon Pèsonèl (PPE): Prèv acha atravè yon resi, oswa fakti yo peye pou PPE ak lòt depans apwopriye ki nesesè pou konfòmite avèk direktiv CDC oswa dekrè egzekitif sekirite Konte Miami-Dade sou COVID-19.
  • Ranbousab Depans Fonksyònman Veyikil- Asirans, Antretyen Veyikil, Peman lokasyon Veyikil; gaz, lòt depans ki gen rapò a biznis ki ka fòmèlman dokimante nan fakti ak resi.
  • Depans ipotèk oswa lwaye: Prèv peman atravè yon resi oswa chèk anile; si gen reta sou peman, yon lèt notarye ki soti nan men mèt kay la oswa kreditè a ki deklare konbyen mwa reta/defo. Dat espesifik reta oswa defo dwe nan lèt notarye a.
  • Lòt depans: Fakti sèvis piblik, frè lisans ak enspeksyon, asirans, ak lòt depans ki nesesè pou kenbe biznis la operasyonèl ak/oswa satisfè obligasyon sekirite lokal, Eta , ak/oswa federal yo. Yon prèv peman atravè resi, fakti ki peye, oswa chèk anile

Remak: Chofè taksi yo ka bay relve vwayaj endividyèl ki soti nan konpayi taksi/kat kredi pandan menm peryòd 2019 ak 2020 an pou montre pèt revni de ane a ane.

Aplikasyon an disponib nan lang angle, panyòl ak kreyòl. Pou kesyon konsènan EFP oswa prosesis aplikasyon an, tanpri kontakte Divizyon Reglemantasyon Transpò Pasaje nan [email protected]

Pou plis enfòmasyon sou sèvis DTPW, ale sou miamidade.gov/transit oswa telechaje aplikasyon  GO Miami-Dade Transit app la.

Rete konekte epi swiv DTPW sou medya sosyal sou FacebookTwitter, ak Instagram. Antre nan Mobility 305 pou w resevwa nouvèl chak mwa ak lòt dènye nouvèl depatmantal yo.