De mo konsènan Komisyonè Marleine Bastien

Komisyonè Marleine Bastien te eli pou li sèvi kòm Komisyonè Distri 2 Konsèy Komisyonè Konte Miami-Dade nan dat 8 novanm 2022.  Distri 2 anglobe kèk pòsyon Vil Miami, North Miami, North Miami Beach, Opa-locka, Vil Hialeah, ak zòn ki pa enkòpore Liberty City, Biscayne Gardens, ak North Dade Central. 

Bastien ap sèvi kòm Prezidan Komite Lojman Konsèy Komisyonè Konte Miami-Dade la.  Anplis de sa, li sèvi kòm manm Komite Rekreyasyon ak Touris, Komite Transpò, ak Komite Sekirite ak Sante.  

Pandan plis pase 40 ane, Bastien etabli yon repitasyon mondyal nan milite san pran souf an favè ekite, ranfòsman ekonomik, refòm konplè imigrasyon, ak jistis klimatik.  Li se yon chanpyon nan milite pou dwa fanm, timoun, fanmi, travayè, granmoun aje, ak LGBTQ atravè lemond. 

Anvan li antre nan Konsèy la, li te travay kòm yon travayè sosyal.  Apre sa, li te fonde òganizasyon Family Action Network Movement (FANM).  Sou lidèchip li, FANM vin tounen yon modèl ke yo rekonèt a nan tout mond la dèske li bay fanmi ki gen revni fèb ak revni modere sèvis pou amelyore lavi yo nan swen sante, lojman, alfabetizasyon, fòmasyon teknik, pwogram apre lekòl ak pwogram pandan sezon vakans, refòm imigrasyon, sipó pou ti biznis, kreyasyon travay, ak devlopman karyè.  Bastien te sèvi kòm Direktè Egzekitif FANM jiska desanm 2024.

Bastien te resevwa plizyè douzèn pri ak distenksyon onorab pandan plizyè ane. An 1994, Bastien te resevwa Pri Volontè Ane Konte Miami-Dade la, apre sa li te resevwa Pri Travayè Sosyal Ane Konte Miami-Dade la an 2000 pou tout sèvis li yo.  Li te resevwa rekonesans Kongrè a nan men Senatè Bill Nelson (2005), Manm Kongrè Corrine Brown (2008), ak Manm Kongrè Frederica Wilson (2012).  Epi tou Essence Magazine te rekonèt li kòm “Youn Pami 35 Fanm Ki Pi Remakab nan Mond lan”. Òganizasyon Ms. Foundation te chwazi li kòm “Fanm Ane a”, li ki te yon Entwonize nan Panteyon Vil North Miami, epi an 2015, li te resevwa Pri Akonplisman Pou Tout Yon Vi Stanley Milledge nan men òganizasyon dwa sivil American Civil Liberties Union (ACLU).

Li te sèvi tou swa kòm yon manm fondatè oubyen kòm manm konsèy nan anpil òganizasyon, tankou Miami Climate Alliance, North Miami Education Board, Health Foundation of South Florida, Catalyst Miami, Florida Immigrant Coalition, Haitian American Grassroots Coalition, Center for Haitian Studies, Sant La Haitian Neighborhood Center, Kristi's House, GAP (Girl Advocacy Power), Women We Will Rebuild, Miami Workers Center, ak American for Immigrants Justice, pami anpil lòt ankò. 

An 2023, yo te nonmen Bastien pou li sèvi kòm yon manm Konsèy Administrasyon Asosyasyon Konte Florid yo (FAC). Li sèvi tou antanke manm Asosyasyon Nasyonal Konte yo (NACo).

Bastien te pran metriz li nan travay sosyal nan Inivèsite Entènasyonal Florid (FIU) an 1987. 

Marleine Bastien

Commissioner Marleine Bastien