Home > Your Government > Board of County Commissioners > District 1 > Apropo Oliver G. Gilbert, III

Apropo Oliver G. Gilbert, III

Komisyonè Oliver G. Gilbert, III se yon lidè pwogresis epi yon vizyonè ki kwè ke pa gen yon sèl chemen ki mennen nan siksè. Li fèt epi grandi nan vil Miami Gardens, li rete atache ak angajman li pou bay nan kominote a ki te ede li vini pèsonalite piblik ke li ye jodi a. Komisyonè Gilbert diplome nan Florida A&M University kote li te fè yo lisans an Jistis Kriminèl. Lè li fin diplome, li te enskri an Dwa nan St. Thomas University School of Law. Apre sa li te transfere nan University of Miami School of Law kote li te gen yon pozisyon sena avèk Asosyasyon Bawo Etidyan yo epi li te yon Manm Konsèy Nasyonal Asosyasyon Etidyan an Dwa ki Nwa, pami lòt distenksyon. Lè li fin fè yon doktora an dwa avèk onè, Komisyonè Gilbert te konnen li te gen apèl pou fonksyon piblik.

Komisyonè Gilbert se yon avoka ki gen eksperyans, ki gen lisans pou li pratike dwa nan Eta Florid; Tribinal Distri Etazini, Distri Sid Florid; 11yèm Distri Koudapèl, Tribinal Distri Federal. Avèk 20 ane eksperyans nan kesyon legal, pakèt konesans Komisyonè Gilbert nan dwa imobilye, dwa minisipal, dwa konstitisyonèl, lwa sou dwa sivil ak dwa travay. Pandan tout tan li kòm avoka pratikan, li te vin gen anpil eksperyans nan travay sou mete kanpe politik piblik nan sektè edikasyon, jistis kriminèl, ak devlopman iben e ekonomik. Komisyonè Gilbert te sèvi kòm Pwofesè Adjwen nan Miami Dade College, kote li te anseye kriminoloji, dwa penal, dwa konstitisyonèl, dwa lari, dwòg ak vyolans, krim sou òdinatè ak politik jidisyè.

An 2012, Komisyonè Gilbert te rive kote ki te pi wo nan karyè li lè li te eli majistra nan vil li, Miami Gardens. Pandan manda l, li te dirije Konsèy Minisipal la ak anplwaye vil la, ogmante ekspansyon antrepriz epi li te gwo fòs dèyè gran kwasans ak devlopman nan nouvo biznis nan Miami Gardens. Efò li yo mennen opòtinite travay adisyonèl pou rezidan lokal yo epi ponpe revni yo tounen nan lavil li renmen anpil la. Kòm rekonesans pou kwasans ekstrawòdinè vil la, yo te bay Miami Gardens pri All-America City nan ane 2020 an, sa ki solidifye vil komisyonè Gilbert a kòm yon konkiran ekonomik nan twa konte .

Aktivite sivik Komisyonè Gilbert yo te ale pi lwen pase Miami Gardens etandone li se yon ansyen Prezidan Asosyasyon Majistra Nwa Ameriken yo epi li te syeje nan Konsèy administrasyon Lig Majistra Florid yo, Lig Nasyonal Vil yo, Konsèy Konsiltatif Konferans Majistra Etazini, kòm Prezidan Lig Vil Konte Miami-Dade. Kòlèg li yo te chwazi li kòm Prezidan Òganizasyon Planifikasyon Transpòtasyon (TPO) Konte Miami - Dade ak Prezidan Konsèy Transpò Sidès Florid (SEFTC), de (2) inisyativ ak òganizasyon Komisyonè a te devwe pou fè avanse, paske yo te toujou rekonèt angajman li nan zafè lidèchip.

Komisyonè Gilbert se yon manm Omega Psi Phi Fraternity, Inc. epi li konsakre li a prensip fondamantal kouraj, edikasyon, pèseverans ak elevasyon. Komisyonè Gilbert se manm Leadership Florida and a Miami Fellows, Class V.

Li kontinye rete yon defansè pou jèn ak rezidan li reprezante yo kòm Komisyonè Distri 1 nan Konte Miami-Dade.

Oliver G. Gilbert, III

Commissioner Oliver G. Gilbert, III