-
News & Social Media
-
Create a new miamidade.gov account
A miamidade.gov profile allows you to link to your Water and Sewer customer account, as well as subscribe to a variety of news and alert services.
Receive weekly news & events, public notices, recycling reminders, grant opportunities, emergency alerts, transit rider alerts and more.
-
-
Employee Portal
-
My Employee Portal
Employees can login to access personnel information, workplace tools, trainings and more.
-
- Anthony Bonamy
- [email protected]
STRIVE305 Miami-Dade lanse Seri Samdi Ti Biznis An Nef Pati pou ranfòse kapasite antreprenè lokal yo
Biwo Inovasyon ak Devlopman Ekonomik Konte Miami-Dade (OIED) kontan anpil pou li anonse lansman yon seri konplè an nef pati, Samdi Ti Biznis ke STRIVE305 prezante. Seri sa a gen kòm objaktif pou ekipe antreprenè lokal yo avèk konesans e zouti yo bezwen pou yo pwospere nan mache konpetitif jodi a.
Seri Samdi Ti Biznis la va prezante yon gwoup entèvenan divèsifye oratè ekspè ak atelye, ki kouvri sijè esansyèl tankou jesyon finansye, konfòmite legal, entegrasyon teknolojik, akizisyon, rezotaj, byen imobilye, Entelijans Atifisyèl, maketing, ak komès entènasyonal. Lè OIED bay bonjan konesans ak konsèy pratik, li ap chèche ede ti biznis reyalize objektif yo ak reyalize yon enpak enpòtan sou ekonomi lokal la.
Majistra Daniela Levine Cava te di: “Nou konnen ti biznis yo se kolòn vètebral kominote nou an, e nou pran angajman pou ba yo resous yo bezwen pou yo reyisi.” “Atravè seri sa a, nou espere enspire ak apiye efò antreprenè yo pou yo rive pi wo epi kontribye nan peyizaj vibwan biznis Konte a.”
Seri Samdi Ti Biznis la la fèt yon fwa pa mwa pandan tout ane a, avèk objektif pou rive jwenn 1,000 ti biznis nan fen ane fiskal la. Pou aprann plis sou seri Samdi Ti Biznis la e pou enskri pou evènman ki ap vini yo, tanpri vizite www.miamidade.gov/STRIVE305.
Konsènan Biwo Inovasyon an ak Devlopman Ekonomik:
Biwo Inovasyon ak Devlopman Ekonomik (OIED) konsantre sou kondui inovasyon, ankouraje kwasans ekonomik, ak bay resous trè enpòtan pou ti biznis ak gwo biznis atravè Konte Miami-Dade. OIED travay an kolaborasyon avèk plizyè moun ki enterese, tankou antreprenè, ajans gouvènman, ak òganizasyon kominotè, pou asire Miami-Dade rete yon sant aktif inovasyon ak devlopman ekonomik.
# # #
Pou w mande materyèl nan fòma aksesib, entèprèt lang siy, ak/oswa lòt akomodman pou w patisipe nan nenpòt pwogram oswa reyinyon Konte a patwone, tanpri kontakte Kowòdonatè ADA, 5 jou davans poi inisye demann ou an. Itilizatè TTY yo ka rele 711 (Florida Relay Service)
Lourdes M. Gomez, Regulatory and Economic Resources
Stephen P. Clark Center
111 NW 1st Street,
Miami, FL 33128
Herbert S. Saffir Permitting and Inspection Center
11805 SW 26 Street,
Miami, FL 33175
Leaving Miami-Dade County
You are now leaving the official website of Miami-Dade County government. Please be aware that when you exit this site, you are no longer protected by our privacy or security policies. Miami-Dade County is not responsible for the content provided on linked sites. The provision of links to these external sites does not constitute an endorsement.
Please click 'OK' to be sent to the new site, or Click 'Cancel' to go back.
