-
News & Social Media
-
Create a new miamidade.gov account
A miamidade.gov profile allows you to link to your Water and Sewer customer account, as well as subscribe to a variety of news and alert services.
Receive weekly news & events, public notices, recycling reminders, grant opportunities, emergency alerts, transit rider alerts and more.
-
-
Employee Information
-
My Employee Portal
Employees can login to access personnel information, workplace tools, trainings and more.
-
- Laura Phillips
- [email protected]
- 305-510-8319
Crandon Park ap make 75yèm jibile li avèk yon festival ekolojik de jou
Vin patisipe avèk Depatman Pak, Rekreyasyon ak Espas Ouvè Konte Miami-Dade pou Selebrasyon 75yèm Jibile Crandon Park, ki va genyen yon festival ekolojik samdi ak dimanch 19 ak 20 novanm 2022 ant 10 am jiska 4 pm nan Crandon Gardens, 6747 Crandon Blvd., Key Biscayne. Jibile a ap selebre Crandon Park Konte Miami-Dade nan okasyon 75 ane kote la ap sèvi 2.8 milyon rezidan kominote a. Crandon Park se yon Pak Patrimwàn Konte Miami-Dade ki reprezante istwa ekolojik konte a. Enstalasyon yo ki vize yon anviwònman natirèl gen ladan Crandon Gardens, Crandon Park Visitor and Nature Center, ak Bear Cut Nature Preserve and Trail, ki ofri randone bò dlo. Gen yon ansyen resif rasin fosilize, youn nan de sèl ki egziste nan mond lan, chita bò rivaj la. Genyen tou bèl Crandon Beach avèk yon kawousèl bò lanmè ak kabana, Crandon Tennis Center and Crandon Golf Course ki trè renome nan mond lan, ak sèvis konplè Crandon Marina a.
Majistra Konte Miami-Dade la, Daniella Levine Cava di, “Crandon Park se bijou nan kouwòn Sistèm Pak Konte Miami-Dade nou an. Se yon kote pou kominote a pran bèl rejwisans nan yon pak kotyè ki inik, soti nan plaj li ki popilè ak kabana ak zòn amizman bò lanmè, rive nan peyizaj natirèl li ak ekosistèm inik sou latè ak nan lanmè. Pandan nou ap selebre gran 75yèm Jibile bèl plas istorik sa a epi nou ap viv tout sa pak sa a gen pou li ofri, annou toujou sonje ke nou tout se jeran ki ap pran swen li epi prezève espas presye sa yo nan avantaj tout moun ak anviwònman an. Pak yo mete moun ki soti nan tout sektè nan lavi ansanm kòm egal ego. Pa gen pi bon fason pou nou selebre ekite ke lè nou gen aksè ekitab a sistèm pak nou an ki se yon trezò.”
Festival ekolojik de jou a ap selebre wòl Crandon Park nan edikasyon ak konsyantizasyon sou konsèvasyon, avèk objektif pou fòme lidè aavni nan jesyon anviwònman an. Li va ini moun ki renmen lanati, moun ki pasyone pou listwa, ak moun ki ap chèche yon aktivite amizan nan wikenn ak opòtinite pou yo eksplore yon zòn ikonik nan Konte Miami-Dade.
Patisipe avè Konte Miami-Dade pou yon pakèt aktivite rekreyatif enteresan ki baze sou ekoloji ke Miami-Dade Parks ak patnè konte yo a òganize, tankou yon netwayaj plaj samdi maten, vizit apye nan Crandon Gardens, pèfòmans mizikal, yon jaden byè ak diven, yon mache pou vandè, yon zòn amizman, enstalasyon atistik apati eleman lanati, ekspozisyon edikatif, ak demonstrasyon konsèvasyon an aksyon. Envite yo va gen yon opòtinite tou pou yo patisipe nan yon varyete atelye entèaktif gratis ke ekspè va dirije, tankou rekòlte flè rive nan fwi, plante orkide natif natal, koleksyon barik dlo lapli ak konsèvasyon dlo, ak desen amenajman peyizaje.
Admisyon nan evènman an gratis. Va gen manje pou vann ak pakin peye ki disponib pou envite yo. Pou aprann plis, tanpri vizite miamidade.gov/parks epi suiv Miami-Dade Parks sou Twitter, Facebook, ak Instagram @miamidadeparks.
Komisyonè Distri 7 Konte Miami-Dade la, Raquel Regalado te di: “Se avèk anpil plezi ak fyète ke nou ap selebre etap istorik enpòtan sa a pou Crandon Park nan Distri 7. Bèl pak bò plaj sa a se yon bijou ki ap briye nan Konte Miami-Dade, anpil jenerasyon rezidan ak vizitè atravè mond lan te apresye li depi lontan. Mwen ankouraje w pou w vini nan okazyon bèl selebrasyon jibile ak fèstival ekolojik sa a epi pou w wè tout sa pak sa a gen pou li ofri.”
Direktè Pak Konte Miami-Dade, Maria I. Nardi te di : “Swasannkenz ane kote Crandon Park te ap rasanble kominote a se tou senpleman ekstraòdinè. Crandon Park ekstrèmman rich an istwa epi li se tout yon seri souvni danfans ak fanmi e li se yon kontribitè enpòtan nan prezèvasyon anviwònman an, eksperyans lwazi ak kiltirèl kominote nou an. Se se enkwayab pou w panse 895 kawo nan Crandon Park te kòmanse avèk prevwayans moun ki te bay tè pou pwoteje li nan objektif pak piblik, pou tout tan. Nou gen anpil fyète pou Crandon Parks kòm yon pati enpòtan nan sistèm pak nou an. Mwen kontan pataje istwa li ak 2.8 milyon rezidan li ap sèvi yo.”
# # #
Konsènan Pak, Rekreyasyon ak Espas Ouvè Konte Miami-Dade:
Pak, Rekreyasyon ak Espas Ouvè Konte Miami-Dade se twazyèm pi gwo sistèm pak konte nan peyi Etazini, li gen plis pase 280 pak ak plis pase 40,000 kawo pak ak zòn natirèl, ki gen ladan zòn aktif ak pasif nan pak ak prezèvasyon natirèl. Li se youn nan sistèm pak ak divètisman ki pi inik nan mond lan epi li konsantre sou fè plas, sou sante ak kondisyon fizik, epi konsèvasyon ak entandans.
Konsènan Crandon Park:
Nan dat 9 novanm 1947, Crandon Park te louvri ofisyèlman pou piblik la. Pak bò plaj la, nan tan lontan te fè pati pi gwo plantasyon kokoye nan peyi a, se te endistriyèl Sid Eta Florid William Matheson ki te posede li, fanmi li te fè don tè a bay konte a an 1940 pou kreye pak la. Soti nan fen ane 1940 yo jiska mwa Out 1980, pak la te genyen yon ti espas zowolojik lous, tig, makak, sèpan, ak zwazo, yon ti tren minyati. An 1980, yo te demenaje espas zowolojik la nan sid Miami-Dade sou sit nou konnen kounye a kòm Zoo Miami. Jodi a, Crandon Park popilè anpil pou bèl plaj li yo ak Kawousèl bò lanmè, kabana, piknik, sant natirèl, ki gen sèvis konplè marina, ak sant tenis ki pi popilè nan mond lan ak teren gòlf. Espò nan dlo moun pi renmen nan pak sa a se Clear kayak rides, kiteboarding ak stand-up paddleboarding.
Suiv nou sou Facebook, Instagram, LinkedIn ak Twitter oswa vizite sit entènèt pou jwenn dènye nouvèl ak mizajou ki soti nan Pak Konte Miami-Dade!
# # #
Pou w mande materyèl nan fòma aksesib, entèprèt lang siy, ak/oswa lòt akomodman pou w patisipe nan nenpòt pwogram oswa reyinyon Konte a patwone, tanpri kontakte Kowòdonatè ADA, 5 jou davans poi inisye demann ou an. Itilizatè TTY yo ka rele 711 (Florida Relay Service)
Maria I. Nardi,Parks, Recreation and Open Spaces
Hickman Building
275 NW 2nd Street,
Miami, FL 33128
Leaving Miami-Dade County
You are now leaving the official website of Miami-Dade County government. Please be aware that when you exit this site, you are no longer protected by our privacy or security policies. Miami-Dade County is not responsible for the content provided on linked sites. The provision of links to these external sites does not constitute an endorsement.
Please click 'OK' to be sent to the new site, or Click 'Cancel' to go back.