-
News & Social Media
-
Create a new miamidade.gov account
A miamidade.gov profile allows you to link to your Water and Sewer customer account, as well as subscribe to a variety of news and alert services.
Receive weekly news & events, public notices, recycling reminders, grant opportunities, emergency alerts, transit rider alerts and more.
-
-
Employee Information
-
My Employee Portal
Employees can login to access personnel information, workplace tools, trainings and more.
-
- Sandra St. Hilaire
- [email protected]
- 305-790-5472
Konte Miami-Dade ankouraje tout rezidan ak vizitè pou yo pran prekosyon pandan moman chalè ekstrèm semèn sa a.
pran prekosyon pandan moman chalè ekstrèm semèn sa a.
Sèvis Nasyonal Metewoloji (NWS) te pibliye yon Avètisman Chalè pou Konte Miami-Dade jodi. Pibliye yon Anons Chalè lè nou prevwa yon endis chalè 105° F oswa pi wo ka dire omwen 2 èdtan. Nan kad anons sa a, Konte Miami-Dade ankouraje rezidan yo vivman pou yo pran plis prekosyon, sitou sa yo ki plis a risk tankou timoun, tibebe, granmoun aje, moun ki gen pwoblèm medikal kwonik, travayè ki travay deyò ak fanm ansent.
Majistra Konte a, Daniella Levine Cava, di: “Nou vle rezidan ak vizitè nou yo okouran danje ki genyen nan chalè ekstrèm, dekwa pou nou tout kapab pran prekosyon konvnab pou nou rete an sekirite e an sante isit nan Konte Miami-Dade. Mwen ankouraje tout rezidan fè yon Verifikasyon Chalè: bwè dlo, repoze, epi chèche lonbraj si n ap travay deyò oubyen si n ap jwe deyò semèn sa a.”
Nan mwa me a, nan kad kòmansman dezyèm Sezon Chalè a, Konte Miami-Dade ak Sèvis Nasyonal Metewoloji Miami – Biwo Previzyon Metewolojik Sid Florid la te anonse yon pwojè pilot pou bese nivo minimòm pou pibliye anons chalè de 108°F a 105°F, epi pou bese nivo minimòm pou pibliye avètisman chalè de113°F a 110°F. Pwojè pilot la gen ladan l sistèm mesajri ak kominikasyon amelyore sou danje chalè chak jou pa mwayen rezo sosyo, ansanm ak seyans enfòmasyon espesyalize pou manadjè ijans yo lè nou prevwa endis chalè a pral atenn nivo oranj nan sitèm Previzyon Danje Metewolojik la. Yon nivo oranj nan sistèm Previzyon Danje Metewolojik la se lè yo prevwa endis chalè yo pral rive 103°F oswa pi wo. Nou va evalye pwojè sa a nan fen Sezon Chalè a pou detèmine si li fezab pou li kontinye an 2024 ak pi devan, e petèt antre tout Sid Florid la ladan.
Moun ki pa gen aksè a klimatizasyon, nou ankouraje yo pou yo chèche soulajman nan men yon zanmi oswa yon fanmi ki genyen klimatizasyon oubyen nan yon etablisman ki klimatize tankou Bibliyotèk Konte Miami-Dade, mòl, oswa sant divètisman kominotè. Anplwayè ki gen travayè ki ap travay nan chalè, nou ankouraje yo ofri pòz nan lonbraj avèk bon kou dlo pou yo bwè.
Anplis de chèche yon kote ki fre pou konbat chalè, moun k ap travay, mache oswa amize yo deyò dwe sonje maladi ki an rapò ak chalè tankou kout chalè kapab rive byen vit. Nou ankourje kominote a pran prekosyon senp pou prevni maladi ki an rapò ak chalè, tankou:
- Si ou santi w lejè, toudi, fèb, ou prèt pou w endispoze, rele 911 imedyatman pou w chèche èd medikal
- Bwè bon kou likid pandan tout jounen an sitou sa yo ki gen elektwolit, evite sa yo ki gen kafeyin, anpil sik ak alkòl.
- Manje manje ki lejè, fre, fasil a dijere tankou fwi oswa salad. Si w anbwate manje, mete l nan yon glasyè, oswa mache ak yon pake glas. Pa kite l chita nan solèy. Vyann ak pwodui letye kapab gate vit nan tan cho.
- Pa bwè konprime sèl amwenske se doktè ki di w fè sa.
- Evite aktivite deyò nan lè chalè a pi fò nan jounen an. Fè aktivite deyò bonè nan maten ak nan aprèmidi sèlman.
- Si w oblije ale deyò, ale dousman, pran pòz kote ki gen lonbraj oswa ki fre epi bwè rafrechi chak inèdtan.
- Abiye ak rad lejè, ki gen koulè pal epi ki lach sou ou. Mete chapo pou pwoteje vizaj ou ak kràn tèt ou kont reyon iltravyolèt epi pase krèm solèy sou kò w pou pwoteje po w.
- Pa kite timoun oswa bèt kay nan machin.
- Minimize ekspozisyon dirèk nan solèy. Kout solèy redui kapasite kò w pou li fè chalè ale.
- Si ou gen bèt kay, mennen yo anndan. Si yo dwe rete deyò, asire yo gen aksè a yon kote ki fre, ki nan lonbraj epi ki gen anpil dlo.
- Sila yo ki sitou sansib a chalè tankou timoun, tibebe, granmoun aje (espesyalman sa yo ki gen maladi pre-egzistan, k ap pran sèten medikaman, ki abite pou kont yo, oswa ki deplase avèk difikilte), sa yo ki gen maladi kwonik, ak fanm ansent ta dwe rete kote ki pi fre.
- Itilize vantilatè elektrik pòtab. Pa fè van vantilatè a bat sou ou dirèkteman lè tanperati anndan kay la pi cho pase 90°F. Van sèk k ap vante a va dezidrate w pi vit, sa ap mete sante w an danje.
- Pran yon beny oswa yon douch fre epi/oswa itilize sèvyèt mouye ak dlo fre sou kou w ak tèt ou pou rafrechi w.
- Voye je sou moun aje, malad, frèl ki ka bezwen èd pou yo koresponn ak chalè a.
Pou plis konsèy sou sante pandan chalè, vizite: https://www.weather.gov/safety/heat-during oswa https://www.cdc.gov/disasters/extremeheat/heattips.html
Pou plis enfòmasyon sou adrès ak orè travay kote ou kapab ale pou w sa rete fre, vizite:
- Sistèm Bibliyotèk Piblik Miami-Dade: mdpls.org
- Depatman Pak, Rekreyasyon, Espas Ouvè (PROS): miamidade.gov/parks
- Oswa rele Sant Kontak Miami-Dade lè w konpoze 311 oswa (305) 468-5900.
- Moun ki nan sitiyasyon yo pa gen kote pou yo rete epi k ap chèche èd, dwe rele Liy Asistans Telefonik Homeless Trust Konte Miami-Dade la nan 1 (877) 994-HELP (4357) oswa (305) 375-CARE (2273).
# # #
Pou w mande materyèl nan fòma aksesib, entèprèt lang siy, ak/oswa lòt akomodman pou w patisipe nan nenpòt pwogram oswa reyinyon Konte a patwone, tanpri kontakte Kowòdonatè ADA, 5 jou davans poi inisye demann ou an. Itilizatè TTY yo ka rele 711 (Florida Relay Service)
Loren Parra, Office of Environmental Risk and Resilience
Stephen P. Clark Center
111 NW 1st Street,
Miami, FL 33128
Leaving Miami-Dade County
You are now leaving the official website of Miami-Dade County government. Please be aware that when you exit this site, you are no longer protected by our privacy or security policies. Miami-Dade County is not responsible for the content provided on linked sites. The provision of links to these external sites does not constitute an endorsement.
Please click 'OK' to be sent to the new site, or Click 'Cancel' to go back.