-
News & Social Media
-
Create a new miamidade.gov account
A miamidade.gov profile allows you to link to your Water and Sewer customer account, as well as subscribe to a variety of news and alert services.
Receive weekly news & events, public notices, recycling reminders, grant opportunities, emergency alerts, transit rider alerts and more.
-
-
Employee Information
-
My Employee Portal
Employees can login to access personnel information, workplace tools, trainings and more.
-
- Natalie Leon
- [email protected]
Lojman Piblik ak Devlopman Kominotè Konte Miami-Dade ap anonse ouvèti Lis Datant Bon pou Chwa Lojman Seksyon 8 nan dat 5 fevriye 2024
Lojman Piblik ak Devlopman Kominotè Konte Miami-Dade (PHCD) ap anonse ouvèti Lis Datant 2024 Pwogram Bon pou Chwa Lojman (HCV) Seksyon 8 la, pandan l ap make yon gran pa nan direksyon lojman aksesib nan kominote nou an. Peryòd tan pou moun soumèt aplikasyon pral ouvè ant 5 e 19 fevriye 2024.
Majistra Konte Miami-Dade la, Daniella Levine Cava di: “Administrasyon mwen an te toujou pran angajman pou li ogmante aksè a lojman abòdab pou rezidan nou yo, e sa a se yon opòtinite ki enpòtan anpil pou sila yo ki pi bezwen sa nan kominote nou an. Pwosesis amelyore pou aplikasyon nou an ap asire yon pi gran aksesibilite, ki ap reflete angajman nou pou enklizivite ak sèvis senplifye pou rezidan nou yo.”
Konfòmeman a reglemantasyon Depatman Lojman ak Devlopman Iben (HUD) yo, tout pwosesis aplikasyon an pral fèt anliy nèt, men Rezidan Miami-Dade ki pa gen aksè a sèvis entènèt kapab resevwa asistans pèsonalize pa telefòn oswa nan sèten kote nou idantifye.
Alex Balina ki direktè PHCD di: “Pwogram HCV 2024 Seksyon 8 la se yon mwayen ki enpòtan anpil pou fanmi ki ap chèche lojman estab. Nou konsevwa yon platfòm anliy ki efikas pou senplifye pwosesis aplikasyon an, konfòmeman a vizyon nou pou yon kominote ki pi konekte e pi reyaktif. Nouvo apwòch sa a asire ke pwosesis aplikasyon an fasil a itilize e pratik, epi nou pran angajman pou ede chak manm kominote nou an jwenn aksè a resous yo bezwen yo pou yo jwenn lojman estab e an sekirite.”
Tout aplikasyon moun soumèt yo pral pase nan yon pwosesis seleksyon oaza ke òdinatè kreye, e se sèlman 5,000 aplikasyon yo va seleksoyone pou plase yo nan lis datant lan. Satisfaksyon egzijans pwogram nan ak limit revni esansyèl pou seleksyon an, jan HUD te etabli l la.
Enfòmasyon enpòtan:
- Peryòd aplikasyon an: 5 fevriye 2024, a minui rive 19 fevriye 2024, 11:59 p.m.
- Lang pou aplikasyon an: anglè, kreyòl ak panyòl.
- Soumisyon aplikasyon an: Anliy sèlman nan https://miamidadevoucher.myhousing.com oswa pa mwayen Kòd QR ki va genyen an.
- Pap gen okenn aplikasyon disponib sou papye ni nou pap aksepte yo.
- Nou ankouraje aplikan yo itilize pwosesis soumisyon anliy lan, ki aksesib apati divès aparèy elektwonik, sa elimine bezwen pou moun prezan an pèsòn ak liy byen long. Pou sila yo ki pa gen aksè a entènèt oswa aparèy elektwonik, genyen asistans disponib sèten kote byen detèmine, oswa rele 311.
Limit revni (revni ànyèl 2023):
1 moun: $36,150
2 moun: $41,300
3 moun: $46,450
4 moun: $51,600
5 moun: $55,750
6 moun: $59,900
7 moun: $64,000
8 moun: $68,150
Fanmi yo seleksyone pou lis datant lan va resevwa yon avi nan men PHCD. Pou plis enfòmasyon, ansanm ak yon lis kote ki ap bay asistans teknik yo, preferans aplikasyon, ak mizajou, vizite https://www.miamidade.gov/housing.
Pou akomodman rezonab, moun ki gen adikap kapab kontakte biwo pwogram HCV Seksyon 8 la nan (786) 654-8440, ant 8:00 a.m. ak 5:00 p.m., lendi rive vandredi, eksepte jou ferye.
De mo osijè Lojman Piblik ak Devlopman Kominotè Konte Miami-Dade:
Yo te kreye lojman piblik pou ofri kay a lwe ki an sekirite e abòdab pou fanmi, granmoun aje ak moun andikape a revni fèb ki kalifye. Èd federal ke Depatman Lojman ak Devlopman Iben ap administre sipòte inisyativ sa a, alòske Lojman Piblik ak Devlopman Kominotè Miami-Dade ap sipèvize jesyon lojman pou asire ke li abòdab pou rezidan yo.
Lojman Piblik ak Devlopman Kominotè (PHCD)
Overtown Transit Village North
701 NW 1st Court,
16th Floor
Miami, FL 33136
# # #
Pou mande materyèl nan fòma aksesib, entèprèt ki pale lang siy, ak/oswa nenpòt akomodasyon pou patisipe nan nenpòt pwogram oswa odyans Konte a patwone, tanpri rele Kòwòdinatè ADA a, nan 305-375-1545 oswa pa imel, , 5 jou davans poi inisye demann ou an. Itilizatè TTY yo ka rele 711 (Florida Relay Service)
Alex R. Ballina,Housing and Community Development
Overtown Transit Village North
701 NW 1st Court,
Miami, FL 33136
Leaving Miami-Dade County
You are now leaving the official website of Miami-Dade County government. Please be aware that when you exit this site, you are no longer protected by our privacy or security policies. Miami-Dade County is not responsible for the content provided on linked sites. The provision of links to these external sites does not constitute an endorsement.
Please click 'OK' to be sent to the new site, or Click 'Cancel' to go back.