-
News & Social Media
-
Create a new miamidade.gov account
A miamidade.gov profile allows you to link to your Water and Sewer customer account, as well as subscribe to a variety of news and alert services.
Receive weekly news & events, public notices, recycling reminders, grant opportunities, emergency alerts, transit rider alerts and more.
-
-
Employee Information
-
My Employee Portal
Employees can login to access personnel information, workplace tools, trainings and more.
-
- Natalie Leon
- [email protected]
- 786-537-0751
Aplikasyon pou Lotri Mezon de Rèv Konte Miami-Dade la louvri mèkredi!
Depatman Lojman Piblik ak Devlopman Kominotè (PHCD) Konte Miami-Dade kontan anonse louvèti aplikasyon pou Lotri Mezon de Rèv la. Inisyativ sa a ofri moun ki swete vin pwopriyetè yo yon chans pou yo achte youn nan de kay ki disponib ki nan 15300 SW 296 Street, Miami, FL 33033. Chak kay gen 4 chanm a kouche ak 2 sal de ben, ak dimansyon 1,813 pye kare e 1,777 pye kare respektivman. Peryòd aplikasyon an soti 24 jiyè pou rive 7 out 2024 .
Majistra Konte Miami-Dade la, Daniella Levine Cava te di: “Jodi a, nou pran yon etap enpòtan nan ranfòse kapasite kominote nou an lè nou bay plis opòtinite pou moun gen dwa pwopriyete. Lotri Mezon de Rèv la montre angajman nou pou fè Konte Miami-Dade vin yon kote tout moun ka reyalize rèv yo."
Lotri sa a bay aplikan ki kalifye yo yon opòtinite pou sekirize kay yo t ap reve depi lontan an atravè yon pwosesis seleksyon ki jis e transparan. Moun ki enterese kapab aplike sou entènèt apati 24 jiyè a 8 am. Tanpri note ke se sèlman yon aplikasyon pou chak moun; nenpòt fo enfòmasyon va lakoz diskalifikasyon.
Enfòmasyon enpòtan:
- Peryòd aplikasyon: 24 jiyè 2024 a 8:00 am jiska 7out 2024 a 11:59 pm.
- Metòd Aplikasyon: Soumèt sou entènèt sèlman; nou pa p aksepte okenn aplikasyon sou papye.
- Pwosesis Seleksyon: Tout aplikasyon moun soumèt pandan peryòd enskripsyon an va antre nan yon pwosesis seleksyon owaza sou òdinatè. Aplikan ki kalifye avèk siksè yo va resevwa yon nimewo konfimasyon.
Pou detèmine kalifikasyon, aplikan yo ka pran yon otoevalyasyon epi yo dwe ale gade nan seksyon kesyon komen sou sit entènèt nou an. Nou vize pou nou ede fè dwa pwopriyete nan Konte Miami-Dade vin yon reyalite pou moun ki kalifye.
Kritè Elijiblite:
- Nivo kredi minimòm 580.
- Revni fwaye a: Revni fwaye a dwe pi ba pase 120% Revni Medyan Zòn.
- Travay pou omwen de ane oswa sous revni ekivalan.
- Angajman pou itilize kay la kòm yon rezidans prensipal pou peryòd kontwòl 20 ane a.
- Disponibilite yon peman 3% (apeprè $11,820).
Direktiv pou lotri a:
- Nou va seleksyone dis aplikan ki kalifye. Nou va kontakte moun nou chwazi nan lis datant lan pou yo kontinye avèk etap finansman.
- Aplikan yo dwe konplete yon kou Edikasyon pou 8 èdtan moun ki ap achte kay epi jwenn finansman nan lespas 45 jou.
Direktè PHCD a, Alex R. Ballina te di: “Lotri Mezon de Rèv la se pa sèlman yon zafè kay; se sitou kreye kay ak ranfòse fanmi. Nou kontan pou nou ofri chans sa a bay aplikan yo epi nou espere travay avèk moun ki swete posede kay nan kominote nou an."
Patisipe avèk nou nan efò pou fè rèv pou moun posede kay yo vin reyalite nan Konte Miami-Dade! Pou plis detay e pou w aplike, tanpri vizite www.miamidade.gov/housing/dreamhomes.
Pou yon akomodman rezonab, moun ki andikape ka kontakte PHCD Infill Housing Homeownership Program nan (786) 469-4226 ant 8:00 am e 5:00 pm, lendi jiska vandredi, eksepte jou ferye.
Konsènan Depatman Lojman Piblik ak Devlopman Kominotè Konte Miami-Dade:
Depatman Lojman Piblik ak Devlopman Kominotè (PHCD) devwe pou li bay solisyon lojman abòdab ak amelyore kalite lavi pou rezidan nan Konte Miami-Dade. PHCD administre yon varyete pwogram finansman federal, Eta ak lokal pou sipòte devlopman, reyabilitasyon lojman, dwa pwopriyete ak sèvis kominotè.
Depatman Lojman Piblik ak Devlopman Kominotè (PHCD)
Overtown Transit Village North
701 NW 1st Court,
16th Floor
Miami, FL 33136
# # #
Pou mande materyèl nan fòma aksesib, entèprèt ki pale lang siy, ak/oswa nenpòt akomodasyon pou patisipe nan nenpòt pwogram oswa odyans Konte a patwone, tanpri rele Kòwòdinatè ADA a, nan 305-375-1545 oswa pa imel, , 5 jou davans poi inisye demann ou an. Itilizatè TTY yo ka rele 711 (Florida Relay Service)
Alex R. Ballina,Housing and Community Development
Overtown Transit Village North
701 NW 1st Court,
Miami, FL 33136
Leaving Miami-Dade County
You are now leaving the official website of Miami-Dade County government. Please be aware that when you exit this site, you are no longer protected by our privacy or security policies. Miami-Dade County is not responsible for the content provided on linked sites. The provision of links to these external sites does not constitute an endorsement.
Please click 'OK' to be sent to the new site, or Click 'Cancel' to go back.