-
News & Social Media
-
Create a new miamidade.gov account
A miamidade.gov profile allows you to link to your Water and Sewer customer account, as well as subscribe to a variety of news and alert services.
Receive weekly news & events, public notices, recycling reminders, grant opportunities, emergency alerts, transit rider alerts and more.
-
-
Employee Portal
-
My Employee Portal
Employees can login to access personnel information, workplace tools, trainings and more.
-
- Media and Public Relations Bureau
- [email protected]
- 305-204-2526
Move tan akoz Siklòn Helene
Daprè Sant Nasyonal Siklòn nan (NHC), Siklòn Helene aktyèlman lokalize apeprè 45 mil sou bò lès-nòdès Cozumel, Meksik epi li ap deplase nan direksyon nòdwès a 10 mil a lè. Helene espere vin tounen yon gwo siklòn nan Jedi pandan l ap deplase atravè lès Gòlf Meksik la. Pwen prevwa a endike tanpèt la pral tonbe sou Big Bend sou kòt Florid nan Jedi swa.
Menm si Konte Miami-Dade anba yon Avètisman Tanpèt Twopikal, konte a rete deyò kòne previsyon imedya a. Van ki gen fòs tanpèt twopikal ka petèt atenn sèten pati nan Sid Florid, Konte Miami-Dade ladan tou, aswè a pou pi bonè. Ofisyèl konte a ap suiv sitiyasyon an deprè epi yo ap prepare pou tout enpak ki ka fèt. Nou priye rezidan yo pou yo rete enfòme epi suiv tout konsiy sekirite.
Byenke Gouvènè Ron DeSantis gentan deklare yon eta dijans pou plizyè konte an Florid, tankou sa yo ki nan wout tanpèt la, Konte Miami-Dade pa fè pati lis sa a. Sepandan, nou kontinye ap travay nan tèt kole avèk otorite nan nivo Eta a ak Federal pou nou suiv tout chanjman epi asire ke genyen preparasyon.
Pete Gomez, Direktè pou Depatman Jesyon Ijans Miami-Dade, di: “Depatman Jesyon Ijans Miami-Dade kontinye suiv wout Siklòn Helene, e kwak li pa aktyèlman yon menas dirèk pou konte nou an, sa a se yon gran opòtinite pou raple tout moun enpòtans pou yo prepare.”
Gwo lapli fò sa a ka lakoz inondasyon lokalize nan plizyè zòn ki ba oswa ki mal drene. Konte Miami-Dade ap suiv aktivman posibilite pou inondasyon nan zòn nou an epi li konseye tout moun rete okouran previzyon metewolojik yo. Lòt depatman Konte Miami-Dade yo gentan ap prepare pou pwochen sezon lapli a.
Majistra Daniella Levine Cava di: “Nou kontinye ap bati yon kominote rezilyan pandan nou ap ofri rezidan ak vizitè nou yo tout zouti yo bezwen pou yo an sekirite. Nou rete vijilan epi tout depatman Konte nou an pare pou yo reponn pou diminye tout enpak tanpèt sa a ka genyen sou rejyon nou an. Nou tou pare pou ede lòt kominote nan nò Florid yo ki pral afekte dirèkteman nan tanpèt la.”
Tanpri prepare w epi rete an sekirite. Depatman Jesyon Ijans Miami-Dade la (DEM) ankouraje kominote nou an pou yo suiv ti konsèy sa yo panvan move tan an:
- Èske w an vizit nan Sid Florid? Ou dwe konnen sa pou w fè lè vakans ou vin entewonp bridsoukou akoz move tan ekstrèm. Anvan ou soti pou w ale pran vòl ou, asire ke ou tcheke liy ayeryèn ou dirèkteman pou tout reta posib.
- Li pa janm pridan pou moun kondui oswa mache nan dlo inondasyon: Piga w kondui oswa mache kote ki gen baraj sou wout la, oswa atravè gwo ma dlo. Ka gen debri kache anba sifas la ki kab blese w osa fè machin ou mouri.
- Li esansyèl pou w konnen sa ou dwe fè si w ap kondui epi ou parèt sou yon wout ki inonde: Plis pase mwatye nan kantite lanmò ki fèt nan inondasyon chak ane rive nan veyikil. Kase tèt tounen, pa nwaye.
- Piga w souzestime pisans dlo: 6 pous dlo lavalas ki ap desann byen fò kapab jete yon adilt atè. Li pran sèlman 12 pous dlo ki desann pou bwote yon ti machin ale, alòske 2 pye dlo ki ap koule byen fò kapab bwote pi fò veyikil.
- Rete lwen kab elektrik ak fil kouran ki tonbe: Elektwokisyon se yon prensipal kòz lanmò tou nan inondasyon. Kouran elektrik kapab transmèt atravè dlo. Rapòte kab elektrik ki tonbe bay nimewo sèvis kliyantèl konpayi Florida Power and Light nan (305) 442-8770.
- Pa jwe nan dlo dòmi: Si gen dlo ki pa koule pandan peryòd pwolonje, gen posibilite pou kontaminasyon. Jwe oswa rete nan dlo dòmi se bagay ou dwe evite.
- Pa retire kouvèti egou: Lè nou retire kouvèti egou, sa kapab inonde tiyo egou yo epi sa kapab anvayi enstalasyon egou yo. Sa kapab rale moun ak debri nan twou egou yo, e sa kapab lakoz nwayad epi fè moun pèdi lavi yo.
- Enskri pou alèt dijans gratis: Resevwa tèks dijans oswa imel dijans konsènan pwoblèm sekirite piblik, mezi rekòmande pou pwoteksyon piblik la oswa lòt enfòmasyon dijans lè w enskri pou Alèt Miami-Dade.
- Siveye Medya: Kontinye siveye medya lokal yo oswa verifye platfòm medya sosyal yo pou dènye mizajou, alèt, ak enstriksyon ke dirijan sekirite piblik yo va bay. Suiv DEM sou X ak Instagram @MiamiDadeEM ak sou Facebook.
Pou plis enfòmasyon, tanpri kontakte Biwo Medya ak Relasyon Piblik Depatman Sekou Ensandi Miamidade nan 305-204-2526.
# # #
Pou w mande materyèl nan fòma aksesib, entèprèt lang siy, ak/oswa lòt akomodman pou w patisipe nan nenpòt pwogram oswa reyinyon Konte a patwone, tanpri kontakte Kowòdonatè ADA, 5 jou davans poi inisye demann ou an. Itilizatè TTY yo ka rele 711 (Florida Relay Service)
Pete Gomez, Emergency Management
R. David Paulison Fire Rescue Headquarters
9300 NW 41st St,
Miami, FL 33178-2414
Leaving Miami-Dade County
You are now leaving the official website of Miami-Dade County government. Please be aware that when you exit this site, you are no longer protected by our privacy or security policies. Miami-Dade County is not responsible for the content provided on linked sites. The provision of links to these external sites does not constitute an endorsement.
Please click 'OK' to be sent to the new site, or Click 'Cancel' to go back.
