-
News & Social Media
-
Create a new miamidade.gov account
A miamidade.gov profile allows you to link to your Water and Sewer customer account, as well as subscribe to a variety of news and alert services.
Receive weekly news & events, public notices, recycling reminders, grant opportunities, emergency alerts, transit rider alerts and more.
-
-
Employee Information
-
My Employee Portal
Employees can login to access personnel information, workplace tools, trainings and more.
-
- Jennie Lopez
- [email protected]
Majistra Daniella Levine Cava reyaji sou vòt Lejislati Florid la pou entèdi fliyò nan dlo tiyo nan tout eta a
Majistra Konte Miami-Dade Daniella Levine Cava te pibliye deklarasyon sa a an reyaksyon ak Chanm Reprezantan Florid la ki apwouve Pake Depatman Agrikilti ak Sèvis Konsomatè Florid (SB 700) ki entèdi fliyò nan dlo tiyo nan Florid. Sena Florid te deja apwouve SB 700.
“Mwen vrèman desi poutèt desizyon Lejislati Florid la pou entèdi fliyorasyon dlo nan tout eta a, yon desizyon ki pa pran an konsiderasyon gwo konsansis dantis, doktè ak ekspè medikal yo epi ki pral mete fen nan yon pratik ki te an plas pandan plizyè dizèn ane pou pwoteje sante nou.
Fliyorasyon se yon fason pwouve, san danje, epi ki pa koute chè pou anpeche pouri dan epi pwoteje sante oral timoun ak granmoun, sitou pou fanmi ki gen aksè limite a swen dantè. Pa gen okenn etid ki montre ke fliyorasyon nan nivo ki ba pa an sekirite pou kominote nou yo, tankou tibebe ak fanm ansent - an reyalite, li trè enpòtan pou sante dan k ap devlope nan tibebe ak timoun. Mete fen nan fliyorasyon an pral gen konsekans sante ki dire lontan, sitou pou fanmi ki pi vilnerab nou yo.
Yon desizyon konsa - ki gen enpak sou sante ak byennèt tout fanmi Florid yo - ta dwe kite kominote lokal yo pou detèmine sa ki pi bon pou rezidan yo. Nan Miami-Dade nou konnen kominote nou an fè dantis konfyans, pa politisyen, pou deside si nou ta dwe pran fliyò oswa non, e se poutèt sa mwen kontinye kwè ke koute ekspè medikal yo se pi bon fason pou pwoteje sante nou.”
# # #
Pou w mande materyèl nan fòma aksesib, entèprèt lang siy, ak/oswa lòt akomodman pou w patisipe nan nenpòt pwogram oswa reyinyon Konte a patwone, tanpri kontakte Kowòdonatè ADA, 5 jou davans poi inisye demann ou an. Itilizatè TTY yo ka rele 711 (Florida Relay Service)
Daniella Levine Cava,Office of the Mayor
Stephen P. Clark Center
111 NW 1st Street,
Miami, FL 33128
Leaving Miami-Dade County
You are now leaving the official website of Miami-Dade County government. Please be aware that when you exit this site, you are no longer protected by our privacy or security policies. Miami-Dade County is not responsible for the content provided on linked sites. The provision of links to these external sites does not constitute an endorsement.
Please click 'OK' to be sent to the new site, or Click 'Cancel' to go back.