-
News & Social Media
-
Create a new miamidade.gov account
A miamidade.gov profile allows you to link to your Water and Sewer customer account, as well as subscribe to a variety of news and alert services.
Receive weekly news & events, public notices, recycling reminders, grant opportunities, emergency alerts, transit rider alerts and more.
-
-
Employee Information
-
My Employee Portal
Employees can login to access personnel information, workplace tools, trainings and more.
-
- Natalie Leon
- [email protected]
Lis datant lojman piblik Miami-Dade la ap ouvri semèn pwochèn!
Depatman Lojman Piblik ak Devlopman Kominotè Konte Miami-Dade (PHCD) kontan anpil pou li anonse ouvèti lis datant lojman piblik la soti 15 oktòb 2024 pou rive 25 oktòb 2024. Inisyativ sa a ofri yon gran opòtinite pou fanmi ki gen revni fèb ki elijib, granmoun aje, ak moun ki gen andikap pou aplike pou lojman ki sekiritè, ki abòdab. PHCD jere plis pase 6,000 inite lojman atravè 92 sit atravè Konte Miami-Dade.
Majistra Konte Miami-Dade la, Daniella Levine Cava te deklare: “Nou vrèman pran angajman pou asire ke chak rezidan Konte Miami-Dade gen aksè a lojman san danje, sekiritè e abòdab, se pou sa nou ap travay san rete pou jwenn solisyon pou ede rezidan nou yo gen mwayen pou viv nan konte nou an. Lè nou ouvri lis datant sa a, nou ap antreprann aksyon enpòtan pou sipòte popilasyon ki pi vilnerab nou yo—fanmi, granmoun aje, ak moun ki andikape— asire ke yo gen opòtinite pou lojman ki estab ki tabli fondasyon pou yon meyè kalite lavi.”
Fasil tankou 1, 2, 3 – Etap pou moun aplike:
Etap 1: Lè pou moun aplike
- Dat Ouvèti: 15 oktòb 2024, a 12:00 am (minui)
- Dat fèmti 25 oktòb 2024, a 11:59 pm
Etap 2: Kijan pou moun aplike
- Aplikasyon sou entènèt sèlman: Vizite https://miamidadevoucher.myhousing.com oswa eskane kòd QR la.
- Ou pa gen aksè a entènèt? Gen asistans teknik ki disponib nan kèk bibliyotèk rejyonal ak sant kominotè (lis anba a).
Etap 3: Ranpli aplikasyon!
- Apre w fin soumèt aplikasyon w lan, enprime li epi kenbe kòd konfimasyon w lan pou dosye w.
Pou kesyon konsènan aplikasyon ki kòmanse 15 oktòb 2024, aplikan yo ka kontakte Depatman Lojman Piblik ak Devlopman Kominotè Konte Miami-Dade la lè yo rele (786) 469-4300 ant 8:00 a.m. e 5:00 p.m., lendi jiska vandredi (eksepte jou ferye).
Pou asistans pou ranpli yon aplikasyon sou entènèt, rezidan yo ka ale nan nenpòt nan lokal ki nan lis anba a ant 15 oktòb, 2024, e 25 oktòb, 2024, lendi jiska vandredi, soti 9:30 a.m. rive 5:30 p.m.
Lokal Asistans Teknik:
- Bibliyotèk Prensipal – 101 West Flagler Street, Miami, FL 33130
- Sikisal Bibliyotèk Model City – Caleb – 2211 NW 54th Street, Miami, FL 33142
- Depatman Aksyon Kominotè ak Sèvis Sosyal – Rev. Edward T. Graham / Miami Gardens – 16405 NW 25th Avenue, Miami Gardens, FL 33054
- Depatman Aksyon Kominotè ak Sèvis Sosyal – Naranja – 13955 SW 264th Street, Naranja, FL 33032
- Depatman Aksyon Kominotè ak Sèvis Sosyal – Aksyon – 970 SW 1st Street, 4th Floor, Miami, FL 33130
- Depatman Aksyon Kominotè ak Sèvis Sosyal – Culmer – 1600 NW 3rd Avenue, Miami, FL 33136
- Depatman Aksyon Kominotè ak Sèvis Sosyal – Edison – 150 NW 79th Street, Miami, FL 33150
- Depatman Aksyon Kominotè ak Sèvis Sosyal – Edison – 150 NW 79th Street, Miami, FL 33150
- Depatman Aksyon Kominotè ak Sèvis Sosyal – Frankie S. Rolle / Coconut Grove – 3750 S. Dixie Hwy, Suite 117, Miami, FL 33133
Pwogram lojman piblik yo fèt pou sipòte moun ak fanmi ki bezwen asistans pou lokasyon, avèk elijibilite ki detèmine pa faktè tankou revni, gwosè fanmi, ak estati sitwayènte. PHCD travay an kolaborasyon avèk Depatman Lojman ak Devlopman Iben Etazini (HUD) pou administre pwogram sa yo, asire aksè jis e ekitab a lojman pou tout rezidan.
Lwaye baze sou revni brit antisipe, ak dediksyon ki disponib pou depandan yo ak sèten alokasyon. Lokatè yo ka rete nan lojman piblik toutotan yo konfòme yo avèk kontra lwaye yo, ak revizyon revni anyèl pou detèmine elijibilite kontinyèl.
Direktè PHCD a, Alex R. Ballina te deklare: "Nou ankouraje tout moun ki elijib pou yo aplike pou gran opòtinite sa a. Sekirize lojman abòdab kapab yon pwen enpòtan pou anpil fanmi, epi nou rete angaje nan bay sipò nan chak etap pwosesis aplikasyon an."
Pou plis enfòmasyon, e pou w aplike, vizite: www.miamidade.gov/publichousing
Moun ki gen andikap yo ka chèche asistans nan ranpli aplikasyon lè yo kontakte Sant Lwaye pou Aplikan an nan (786) 469-4300, ant 8:00 a.m. e 5:00 p.m., lendi jiska vandredi (eksepte jou ferye).
Konsènan Lojman Piblik ak Devlopman Kominotè Konte Miami-Dade: Lojman Piblik ak Devlopman Kominotè (PHCD) dedye pou li bay solisyon lojman abòdab ak amelyore kalite lavi rezidan Konte Miami-Dade. PHCD administre yon varyete pwogram finansman federal, Eta, ak lokal pou sipòte devlopman lojman, reyabilitasyon, dwa pwopriyetè, ak sèvis kominotè.
Depatman Lojman Piblik ak Devlopman Kominotè (PHCD): Overtown Transit Village North, 701 NW 1st Court,16th Floor, Miami, FL 33136 786-469-4100
# # #
Pou w mande materyèl nan fòma aksesib, entèprèt lang siy, ak/oswa lòt akomodman pou w patisipe nan nenpòt pwogram oswa reyinyon Konte a patwone, tanpri kontakte Kowòdonatè ADA, 5 jou davans poi inisye demann ou an. Itilizatè TTY yo ka rele 711 (Florida Relay Service)
Nathan Kogon,Housing and Community Development
Overtown Transit Village North
701 NW 1st Court,
Miami, FL 33136
Leaving Miami-Dade County
You are now leaving the official website of Miami-Dade County government. Please be aware that when you exit this site, you are no longer protected by our privacy or security policies. Miami-Dade County is not responsible for the content provided on linked sites. The provision of links to these external sites does not constitute an endorsement.
Please click 'OK' to be sent to the new site, or Click 'Cancel' to go back.