-
News & Social Media
-
Create a new miamidade.gov account
A miamidade.gov profile allows you to link to your Water and Sewer customer account, as well as subscribe to a variety of news and alert services.
Receive weekly news & events, public notices, recycling reminders, grant opportunities, emergency alerts, transit rider alerts and more.
-
-
Employee Portal
-
My Employee Portal
Employees can login to access personnel information, workplace tools, trainings and more.
-
- Robert Vargas
- [email protected]
- 305-514-6032
- Frank Calderon
- [email protected]
- 305-514-6034
Depatman Jesyon Dechè Solid Miami-Dade lanse sit entènèt enfòmatif sou pwopozisyon Kanpis Dechè Solid Dirab la
Depatman Jesyon Solid Solid Miami-Dade (DSWM) anonse lansman yon nouvo sit entènèt ki konsakre a pwopozisyon inisyativ Kanpis Dechè Solid Dirab (SSWC) a. Resous sou entènèt sa a bay rezidan yo yon koudèy apwofondi sou yon solisyon jesyon dechè dènye kri ki fèt pou satisfè, nan yon fason ki sekiritè, dirab e efikas, a bezwen Konte a ki ap grandi pou jenerasyon ki ap vini yo.
Sit entènèt SSWC a ofri detay konplè sou fason etablisman an pral entegre teknoloji modèn, zewo-dechè pou bay solisyon ki sekiritè, ki anviwònmantalman responsab pou jesyon dechè solid nan Miami-Dade. Platfòm dijital sa a reponn tou kesyon moun poze souvan, efase mit komen sou teknoloji dechè-a-enèji (WTE), epi li pataje egzanp sou fason modèn dechè-a-enèji yo itilize nan kominote atravè lemond tankou Ewòp, Japon e atravè peyi Etazini tou. Pou w jwenn aksè nan sit entènèt la, tanpri vizite: miamidade.gov/sustainable-solid-waste.
Majistra Konte Miami-Dade la, Daniella Levine Cava te deklare: “Nouvo sit entènèt sa a demontre angajman nou pou kenbe kominote a enfòme e angaje pandan tout faz pwojè sa a. Nou vle rezidan yo rete enfòme epi suiv pandan nou ap devlope yon etablisman dènye kri ki va sèvi bezwen jesyon dechè kominote nou an pou plizyè deseni ki ap vini yo. Nou ankouraje tout moun pou yo eksplore sit la epi rete angaje pandan nou ap travay pou kreye yon avni ki pi pwòp, ki pi vèt pou Konte Miami-Dade.”
Kòm Konte Miami-Dade pwodui plis pase senk milyon tòn dechè chak ane, devlope enfrastrikti rezilyan se yon bagay ki esansyèl pou jere volim sa a pandan nou ap minimize enpak anviwònmantal la. SSWC a pral detounen gwo kantite dechè ki te d we ale nan depotwa yo, lè li sèvi avèk teknoloji dènye kri dechè-a-enèji pou konvèti dechè solid an elektrisite pwòp. Sa a pral ede diminye emisyon gaz ki lakòz efè tèmik lokal, satisfè nòm anviwònmantal serye, epi pwodui ase elektrisite pou alimante apeprè 70,000 kay.
SSWC a pral entegre dènye teknoloji jesyon dechè pou diminye depandans a depotwa yo epi pwodui enèji pwòp. Santral nan inisyativ sa a, etablisman WTE a va transfòme otan ke 90 pousan dechè an enèji renouvlab, pandan li konpanse seryezman emisyon gaz a efè tèmik ak founi elektrisite nan rezo lokal la, sipòte objektif dirabiilite Konte a.
"Globalman, peyi tankou Japon, Syèd, Dannmak, Almay, ak Lafrans te pyonye teknoloji WTE pou jere dechè yon fason dirab, menm jan lòt vil lokalman e nasyonalman te fè sa. Nou pral enkòpore meyè pratik atravè lemond pou asire etablisman nou an satisfè estanda ki pi elve pou sekirite ak efikasite, pou kreye yon sistèm ki pral sèvi bezwen Miami-Dade alavni.” Se sa Direktè DSWM Aneisha Daniel, PhD te deklare.
Kanpis la pral gen ladan tou enstalasyon pou devyasyon dechè avanse, ki gen ladan tretman òganik, resiklaj, ak rekòlte byiogaz, ki ap mennen Miami-Dade pi pre yon avni zewo-dechè. Etablisman an fèt avèk bonjan estanda anviwònmantal e sekirite, li pral satisfè oswa depase direktiv EPA sou kalite lè a, ak transparans yo bay atravè done emisyon aksesib yo - yon modèl ki enspire pa siksè sistèm entènasyonal, nasyonal ak lokal yo.
Anplis avantaj anviwònmantal, WTE bay Miami-Dade yon solisyon alontèm ekonomikman dirab pou elimine dechè. Etablisman sa a pral kreye djòb ekolojik, ankouraje responsablite fiskal, epi ede jere depans eliminasyon dechè pandan bezwen jesyon dechè Konte a ap ogmante. Kanpis Dechè Solid Dirab la se yon etap enpòtan nan direksyon yon avni ki pi pwòp e pi efikas pou Konte Miami-Dade.
# # #
Pou w mande materyèl nan fòma aksesib, entèprèt lang siy, ak/oswa lòt akomodman pou w patisipe nan nenpòt pwogram oswa reyinyon Konte a patwone, tanpri kontakte Kowòdonatè ADA, 5 jou davans poi inisye demann ou an. Itilizatè TTY yo ka rele 711 (Florida Relay Service)
Aneisha Daniel, PhD, Solid Waste Management
Dr. Martin Luther King Office Plaza
2525 NW 62nd Street,
Miami, FL 33147
Leaving Miami-Dade County
You are now leaving the official website of Miami-Dade County government. Please be aware that when you exit this site, you are no longer protected by our privacy or security policies. Miami-Dade County is not responsible for the content provided on linked sites. The provision of links to these external sites does not constitute an endorsement.
Please click 'OK' to be sent to the new site, or Click 'Cancel' to go back.
