-
News & Social Media
-
Create a new miamidade.gov account
A miamidade.gov profile allows you to link to your Water and Sewer customer account, as well as subscribe to a variety of news and alert services.
Receive weekly news & events, public notices, recycling reminders, grant opportunities, emergency alerts, transit rider alerts and more.
-
-
Employee Portal
-
My Employee Portal
Employees can login to access personnel information, workplace tools, trainings and more.
-
- Natalie Leon
- [email protected]
Depatman Lojman ak Devlopman Kominotè Konte Miami-Dade ouvè lis datant ki baze sou sit pou pwogram Bon ki baze sou pwojè a
Peryòd aplikasyon sou entènèt: 9 jen – 20 jen 2025
Depatman Lojman ak Devlopman Kominotè Konte Miami-Dade (HCD) va ouvè lis datant ki baze sou sit li pou pwogram Bon ki baze sou pwojè (PBV) pou asistans lojman abòdab sòti lendi 9 jen 2025 a 8 a.m. rive vandredi 20 jen 2025 a 11:59 p.m. Pwosesis aplikasyon sou entènèt la ap pèmèt rezidan yo aplike pou lojman nan plizyè devlopman atravè Konte a.
Nap aksepte aplikasyon sou entènèt sèlman nan https://miamidadevoucher.myhousing.com e yap disponib nan lang angle, panyòl ak kreyòl ayisyen. Rezidan ka aplike avèk nenpòt aparèy ki gen entènèt.
Majistra Daniella Levine Cava te di: “Pwogram sa se sèlman yon egzanp sou sa Konte Miami-Dade ap fè pou asire ke chak rezidan Miami-Dade gen aksè a lojman ki an sekirite, ki estab, e ki abòdab. Aksè a lojman abòdab esansyèl pou byennèt ak estabilite rezidan nou yo, se pou sa nou kontinye envesti nan solisyon lojman inovatè ak enklizif ki reponn a bezwen kominote divès nou yo."
Kandida ki sou lis datant ki baze sou lokatè pou 2024 la ki te aplike pandan ouvèti Premye Faz lis datant ki baze sou sit yo ap resevwa plasman priyorite. Tout kandida elijib ki aplike pandan dezyèm faz sa ap antre nan yon pwosesis seleksyon o aza ki pwodui sou òdinatè. Plasman sou yon lis datant pa garanti, epi moun lan dwe satisfè kritè elijibilite pou pwogram lan—ki gen ladan’l limit revni ak kritè espesifik pou pwopriyete a.
Nathan Kogon, Direktè Enterimè Lojman ak Devlopman Kominotè a te di: “Sa a se youn nan pwen aksè ki pi enpòtan pou lojman abòdab nan Konte nou an. Depatman nou an angaje pou rann pwosesis la aksesib e ekitab otan ke posib pou rezidan nou yo." Nou ankouraje rezidan yo pou yo aplike byen bonè e pou yo mande sipò si yo bezwen èd pou soumèt aplikasyon yo.”
Pou moun ki pa gen aksè a entènèt oswa aparèy dijital, gen asistans ki ap disponib nan bibliyotèk piblik patisipan yo ak nan lokal Depatman Aksyon Kominotè ak Sèvis Sosyal (CAHSD) atravè konte a pandan lè ouvrab yo pandan tout peryòd aplikasyon an.
Detay enpòtan:
Nap aksepte yon sèl aplikasyon pa fwaye.
Gen preferans pou veteran, granmoun aje, moun ki andikape, fanmi ki deplase akoz aksyon gouvènman an, ak lòt moun jan sa detaye nan Plan Administratif HCD a.
Ou ka jwenn akomodman rezonab lè w rele 786-654-8440.
Nou p ap aksepte okenn aplikasyon an papye!
Kèk devlopman remakab ak lis datant ki disponib gen ladan yo:
- Robert King High – 3,109 aplikasyon disponib (Granmoun Aje 62+)
- Residences at Sawyers Walk – 2,845 aaplikasyon disponib (Granmoun aje 62+)
- Mosaico – 2,668 plikasyon disponib (Granmoun aje 62+)
- Jack Orr Plaza – 1,949 aplikasyon disponib (55+ oswa moun andikape)
- The Villages Phase II – 1,015 aplikasyon disponib (Fanmi)
- Modello Apartments – 630 aaplikasyon disponib (Fanmi)
- Golden Lakes – 484 aplikasyon disponib (Fanmi)
Nou konseye aplikan yo pou yo rete pridan fas a fwod. HCD pap janm mande yon kat kredi ni yon rapò kredi pou moun aplike. Ou dwe yon sitwayen ameriken, yon moun ki pa sitwayen ameriken ki elijib, oubyen ou dwe gen yon manm fwaye ou ki sitwayen ameriken ki kalifye pou li aplike.
Pou plis enfòmasyon, vizite www.miamidade.gov/pwojectbasedvoucher
Depatman Lojman ak Devlopman Kominotè (HCD)
Overtown Transit Village North
701 NW 1st Court,
16th Floor
Miami, FL 33136
# # #
Pou w mande materyèl nan fòma aksesib, entèprèt lang siy, ak/oswa lòt akomodman pou w patisipe nan nenpòt pwogram oswa reyinyon Konte a patwone, tanpri kontakte Kowòdonatè ADA, 5 jou davans poi inisye demann ou an. Itilizatè TTY yo ka rele 711 (Florida Relay Service)
Nathan Kogon, Housing and Community Development
Overtown Transit Village North
701 NW 1st Court,
Miami, FL 33136
Leaving Miami-Dade County
You are now leaving the official website of Miami-Dade County government. Please be aware that when you exit this site, you are no longer protected by our privacy or security policies. Miami-Dade County is not responsible for the content provided on linked sites. The provision of links to these external sites does not constitute an endorsement.
Please click 'OK' to be sent to the new site, or Click 'Cancel' to go back.
