-
News & Social Media
-
Create a new miamidade.gov account
A miamidade.gov profile allows you to link to your Water and Sewer customer account, as well as subscribe to a variety of news and alert services.
Receive weekly news & events, public notices, recycling reminders, grant opportunities, emergency alerts, transit rider alerts and more.
-
-
Employee Portal
-
My Employee Portal
Employees can login to access personnel information, workplace tools, trainings and more.
-
Komisè Bastien ak Kolektè Taks Fernandez pral òganize evènman pou lisans pou Ayisyen ki gen TPS atravè TConnect
Komisè Marleine Bastien ak Kolektè Taks Konte Dariel Fernandez ap ap òganize plizyè evènman pou lisans pou Ayisyen ki gen Estati Pwoteksyon Tanporè (TPS) jedi 19 fevriye ak vandredi 20 fevriye, 9è dimaten pou rive 5è aprèmidi, nan Sant Kominotè Father Gerard Jean-Juste nan Oak Grove Park, 690 NE 159th St., Miami, FL 33162, ak samdi 21 fevriye, 9è dimaten pou rive 4è aprèmidi, nan Griffin Park, 428 NE 123rd St., North Miami, FL 33161.
An patenarya ak Kolektè Taks Fernandez, Komisè Bastien ap pote Inite Biwo Mobil TConnect la nan kominote a, pou moun ki genTPS yo ka fasilman jwenn aksè a sèvis, tankou renouvèlman, reyentegrasyon ak ranplasman lisans. Evènman TConnect samdi 21 fevriye a ap fèt tou an patenarya ak Vil North Miami.
“Mwen te travay di ansanm ak Taks Dariel Fernandez pou asire ke moun ki pou Ayisyen ki gen TPS nou yo gen aksè reyèl e rapid a sèvis lisans. Yon lisans pa yon liks — se yon nesesite. Sa vle di kapasite pou ale travay, pran swen fanmi ou, epi deplase nan kominote nou an avèk diyite. Nou angaje pou asire vwazen nou yo gen dokiman yo bezwen ak sipò yo merite,” Komisyonè Bastien di.
“Mwen felisite Komisyonè Marleine Bastien paske li se yon vrè chanpyon pou kominote nou an. Depi premye jou a, nou te travay ansanm pou asire sèvis yo delivre kote yo pi bezwen yo. Mwen fyè pou m asosye avè l pou pote sèvis nan kominote nou an atravè TConnect, inite biwo mobil nou an. Lè nou pote sèvis nou yo dirèkteman nan kominote a, n ap elaji aksè a epi n ap fè li pi fasil pou rezidan yo resevwa asistans nan yon fason pwofesyonèl ak efikas. Se responsablite nou, epi nou pran l oserye,” Kolektè Taks Dariel Fernandez di.
Pou plis enfòmasyon, tanpri kontakte Biwo Komisyonè Marleine Bastien nan (305) 694-2779.
' Samdi 21 Fevriye 2026, 9 a.m. pou rive 4 p.m.
Jedi 19 Fevriye ak Vandredi 20 Fevriye
Sant Kominotè Pè Gerard Jean-Juste nan Oak Grove Park
690 NE 159th St., Miami, FL 33162
Samdi 21 Fevriye, Griffin Park
428 NE 123rd St.
North Miami, FL 33161
# # #
Pou w mande materyèl nan fòma aksesib, entèprèt lang siy, ak/oswa lòt akomodman pou w patisipe nan nenpòt pwogram oswa reyinyon Konte a patwone, tanpri kontakte Kowòdonatè ADA, 5 jou davans poi inisye demann ou an. Itilizatè TTY yo ka rele 711 (Florida Relay Service)
Marleine Bastien, Commission District 02
Stephen P. Clark Center
111 NW 1st Street,
Miami, FL 33128
District 2 Main Office
915 N.E. 125th Street, Suite 2A,
Miami, FL 33161
Leaving Miami-Dade County
You are now leaving the official website of Miami-Dade County government. Please be aware that when you exit this site, you are no longer protected by our privacy or security policies. Miami-Dade County is not responsible for the content provided on linked sites. The provision of links to these external sites does not constitute an endorsement.
Please click 'OK' to be sent to the new site, or Click 'Cancel' to go back.

