-
News & Social Media
-
Create a new miamidade.gov account
A miamidade.gov profile allows you to link to your Water and Sewer customer account, as well as subscribe to a variety of news and alert services.
Receive weekly news & events, public notices, recycling reminders, grant opportunities, emergency alerts, transit rider alerts and more.
-
-
Employee Portal
-
My Employee Portal
Employees can login to access personnel information, workplace tools, trainings and more.
-
- JennyLee Molina
- [email protected]
Konte Miami-Dade pwojte òganize yon distribisyon Adopte-Yon-Pyebwa nan North Miami nan dat 25 jiyè
Rezidan ki elijib ka resevwa jiska de pyebwa gratis
Depatman Jesyon Resous Anviwònmantal (DERM) Konte Miami-Dade pral òganize dezyèm evènman Adopte-Yon-Pyeba li pou ane 2026 la, samdi 25 jiyè. Li pral fè kado plis pase 2,500 pyebwa nan North Miami sou kanpis FIU’s Biscayne Bay Campus la. Pwopriyetè kay ki elijib kapab resevwa jiska de pyebwa gratis nan 3000 NE 151st St., North Miami, FL 33181 apati 8:30 a.m. Enskripsyon davans ouvè kounye a nan miamidade.gov/adoptatree.
“Nan moman chalè ete a monte pi wo, nou wè plis ke jamè nan ki pwen pyebwa esansyèl. Yo bese tanperati, redui depans pou rafrechisman, amelyore kalite lè a, amelyore kominote nou yo, ogmante valè pwopriyete imobilye, jere lapli ki twòp, epi yo ofri yon pwoteksyon natirèl kont mare tanpèt,” deklarasyon Majistra Konte Miami-Dade Daniella Levine Cava. “Chak pyebwa nou plante e nou kite pouse jiska matirite pote avantaj ki dire lontan pou Konte nou an, alò nou ankouraje tout pwopriyetè kay pran avantaj pwogram sa a ki gen anpil valè.”
Pwopriyetè ki posede pwopriyete inifamilyal ak pwopriyete mezon pataje an de apatman nan Konte Miami-Dade kapab resevwa jiska de pyebwa gratis pa ane atravè pwogram nan. Twa evènman Adopte-Yon-Pyebwa chak ane ofri yon seleksyon patikilye espès endijèn ak pye fwi komestib. Nou ankouraje enskripsyon davans pou konfime elijibilite e senplifye posesis vin pran pyebwa yo, men sa pa garanti espès espesifik oswa disponibilite, paske kantite yo limite.
“Pyebwa se youn nan mwayen ki pi efikas pou amelyore katye nou yo,” deklarasyon Komisyonè Distri 4 Konte Miami-Dade, Micky Steinberg. “Pandan yo ap ofri lonbraj ak bèlte, yo se yon envestisman ki va dire lontan nan kominote nou an. Mwen espere tout pwopriyetè kay enskri pou resevwa de plan plebwa pa yo nan evènman Adopte-Yon-Pyebwa ane sa a.”
An 2025, Konte Miami-Dade te lanse Plan Forestye Ibèn li avèk yon angajman solid pou li elaji kouvèti forestyè rejyon an. Pou li fè sa, li ap priyorize zòn ki gen yon kouvèti vejetal ba ki ekspoze a pi gwo chalè, pou kreye kominote ki pi fre, ki plis ankouraje sante e ki pi dinamik pou rezidan yo nan tout Miami-Dade.
“Mwen ankouraje tout pwopriyetè kay—espesyalman katye ki nan rejyon nò Miami-Dade yo—pou yo pran pa nan pwogram gratis Adopte-Yon-Pyebwa a,” deklarasyon Komisyonè Distri 2 Konte Miami-Dade, Marleine Bastien. “Agrandi kouvèti forestyè nou an se youn nan mwayen ki pi efikas pou nou rafrechi kominote nou yo, pandan nou ap bay lanati yon chans pou li bese tanperati a epi pote soulajman nou bezwen anpil la pandan mwa ki pi cho pou nou yo.”
Pwogram Adopte-Yon-Pyebwa ki te kreye depi 25 ane a rasanble òganizasyon kolaboratè ki sansibilize patisipan yo sou fason pou yo plante e pran swen nouvo pyebwa yo resevwa yo. Dezyèm evènman sa a pou sezon an va rasanble òganizasyon kolaboratè tankou: Cox Media, Citizens for a Better South Florida, Dade Chapter of the Florida Native Plant Society, Urban Paradise Guild, Depatman Dechè Solid Konte Miami-Dade, Depatman Dlo ak Egou Konte Miami-Dade, ak UF/IFAS Extension Miami-Dade County.
“Adopte-Yon-Pyebwa se youn nan pi gran efò Konte Miami-Dade pou agrandi kouvèti vejetal nou an a 30 pousan. Depi 2001, pwogram nan gentan ede plis pase 250,000 pyebwa gratis jwen yon fwaye ki gen renmen, gras a devouman rezidan nou yo,” deklarasyon Loren Parra, Direktè DERM e Responsab an Chèf Rezilyans. “Lè nou mete plis atansyon sou pwopriyetè kay ki elijib, nou ap ede asire ke pyebwa sa yo plante, moun pran swen yo, epi yo ba yo ase espas natirèl pou yo byen devlope pandan plizyè deseni alavni.”
Divès distribizyon Adopte-Yon-Pyebwa ane sa a fè pati evènman prensipal selebrasyon 250yèm Miami Dade la, pandan nou ap onore istwa ak angajman Konte a pou yon avni pi ekolojik. Pou komemore okazyon istorik sa a, evènman an va ofri adopsyon eksprès pou veteran ak manm kò militè ki an sèvis aktif, si yo gen yon pyès idantite epi yo ta renmen resevwa de pyebwa gratis pou kay yo.
Distribisyon final Adopte-Yon-Pyebwa ane 2026 la pwograme pou:
Dimanch 13 septanm, soti 8:30 a.m rive 11:30 a.m.
Zoo Miami
12400 SW 152nd St., Miami, FL 33177
Pou plis enfòmasyon, tankou kondisyon elijibilite ak opòtinite pou w fè sèvis volontè, vizite sitwèb Adopte-Yon-Pyebwa a oswa rele 3-1-1.
# # #
Pou w mande materyèl nan fòma aksesib, entèprèt lang siy, ak/oswa lòt akomodman pou w patisipe nan nenpòt pwogram oswa reyinyon Konte a patwone, tanpri kontakte Kowòdonatè ADA, 5 jou davans poi inisye demann ou an. Itilizatè TTY yo ka rele 711 (Florida Relay Service)
Loren Parra, Environmental Resources Management
Overtown Transit Village North
701 NW 1st Court,
Miami, FL 33136
Leaving Miami-Dade County
You are now leaving the official website of Miami-Dade County government. Please be aware that when you exit this site, you are no longer protected by our privacy or security policies. Miami-Dade County is not responsible for the content provided on linked sites. The provision of links to these external sites does not constitute an endorsement.
Please click 'OK' to be sent to the new site, or Click 'Cancel' to go back.
