-
News & Social Media
-
Create a new miamidade.gov account
A miamidade.gov profile allows you to link to your Water and Sewer customer account, as well as subscribe to a variety of news and alert services.
Receive weekly news & events, public notices, recycling reminders, grant opportunities, emergency alerts, transit rider alerts and more.
-
-
Employee Portal
-
My Employee Portal
Employees can login to access personnel information, workplace tools, trainings and more.
-
- Juan C. Mendieta
- [email protected]
- 305-495-7557
- Mark A. Gomez
- [email protected]
- 645-207-7665
Vòt Alavans kòmanse jodi a soti 7è nan maten pou rive 7è nan aswè, jiska 1ye Novanm
Biwo Sipèvizè Eleksyon Konte Miami-Dade la raple elektè yo ke Vòt Alavans pou Eleksyon Jeneral 3 Novanm 2026 la kòmanse jodi a, lendi 19 Oktòb, epi l ap kontinye pandan de semèn, jiska dimanch 1ye Novanm, soti 7è nan maten pou rive 7è nan aswè, nan 28 lokal atravè konte a.
Pandan peryòd Vòt Alavans lan, elektè ki enskri nan Konte Miami-Dade kapab vote nan nenpòt lokal Vòt Alavans nan konte a. Sa bay elektè yo fleksibilite pou yo chwazi lokal, dat ak lè ki pi bon pou yo. Ou ka jwenn lis konplè lokal yo sou sit entènèt nou an nan www.votemiamidade.gov.
Nou ankouraje elektè yo tou pou yo egzamine modèl bilten vòt pèsonalize yo, fè rechèch sou kandida yo ak kesyon ki parèt sou bilten vòt yo, epi konsilte lokal Vòt Alavans yo ansanm ak tan datant aktyèl yo. Elektè yo kapab enprime modèl bilten vòt yo oswa pran yon foto ekran chwa yo pou yo pote avèk yo lè y ap vote.
“Avèk 28 lokal Vòt Alavans ki ouvè pandan 14 jou youn apre lòt, elektè yo gen anpil okazyon pou fè vwa yo tande nan Eleksyon Jeneral enpòtan sa a,” se sa Sipèvizè Eleksyon Konte Miami-Dade, Alina Garcia, deklare. “Nou ankouraje chak elektè pou yo fè yon plan, egzamine bilten vòt yo anvan yo rive nan lokal vòt la, epi pwofite fleksibilite Vòt Alavans ofri a. Lè elektè yo byen enfòme epi yo byen prepare, sa ede fè eksperyans vòt la pi fasil pou tout moun.”
Lè y ap vote, elektè yo dwe pote yon pyès idantite gouvènman an bay ki aktyèl e ki valab, ki gen non yo, foto yo ak siyati yo sou li. Kat Enfòmasyon Elektè a pa obligatwa pou vote, men li kapab ede akselere pwosesis verifikasyon an lè elektè yo rive.
Elektè ki deja resevwa yon bilten Vòt pa Lapòs kapab retounen bilten yo fin ranpli a pa Lapòs Etazini (U.S. Mail) oswa nan yon Estasyon Sekirize pou Depoze Bilten Vòt ki sitiye nan nenpòt nan 28 lokal Vòt Alavans yo pandan lè lokal sa yo ouvè. Apre peryòd Vòt Alavans lan fini, elektè yo kapab depoze bilten Vòt pa Lapòs yo sèlman nan Katye Jeneral Eleksyon yo nan Doral oswa nan Biwo Sikisal Anba Lavil la, ki sitiye nan Stephen P. Clark Center. Biwo Eleksyon an dwe resevwa tout bilten Vòt pa Lapòs yo anvan 7è nan aswè, 3 Novanm.
# # #
Pou w mande materyèl nan fòma aksesib, entèprèt lang siy, ak/oswa lòt akomodman pou w patisipe nan nenpòt pwogram oswa reyinyon Konte a patwone, tanpri kontakte Kowòdonatè ADA, 5 jou davans poi inisye demann ou an. Itilizatè TTY yo ka rele 711 (Florida Relay Service)
Alina Garcia, Miami-Dade Supervisor of Elections
Miami-Dade Supervisor of Elections
2700 NW 87 Avenue,
Miami, FL 33172
Leaving Miami-Dade County
You are now leaving the official website of Miami-Dade County government. Please be aware that when you exit this site, you are no longer protected by our privacy or security policies. Miami-Dade County is not responsible for the content provided on linked sites. The provision of links to these external sites does not constitute an endorsement.
Please click 'OK' to be sent to the new site, or Click 'Cancel' to go back.
