Coronavirus (COVID-19) Kreyol

Konferans pou laprès

Konferans pou laprès sou entènèt

Madi 29 septanm, Majistra Carlos A. Gimenez te fè yon konferans pou laprès pou klarifye direktiv nouvo nòmal yo apre dekrè Gouvènè DeSantis la ki mete faz 3 reouvèti a an aplikasyon. Majistra a te pale de sitasyon sivil ak direktiv pou ba, klib, etablisman espò komèsyal, espò òganize ak lig yo, epi sant swen lajounen pou granmoun.

Konferans pou laprès

Mèkredi 16 septanm, Majistra Carlos A. Gimenez te pale sou efò trasaj kontak nan Konte a ak reouvèti limite espas enteryè yo.

Konferans pou laprès sou entènèt

Nan dat 25 out, Majistra Carlos A. Gimenez te fè yon konferans pou laprès vityèl kote li te anonse ke li va louvri sal a manje nan restoran Konte Miami-Dade lendi 31 out pwochen. Kouvrefe 10 p.m. Konte a ap rete an vigè.

Konferans pou laprès sou entènèt

Nan dat 28 jiyè, Majistra Carlos A. Gimenez te bay yon mizajou sou divès pwogram asistans ki disponib pou tout rezidan Konte Miami-Dade yo epi li te pale sou responsablite pou lajan ki ap bay asistans sa a.

Konferans pou laprès

Jou 27 jiyè a, Majistra Carlos A. Gimenez anonse ouvèti nouvo lokal tès ki nan Tropical Park, plan pou fè plis tès ak ogmante kapasite laboratwa ak opòtinite pou ajoute tès lannwit nan Konte Miami-Dade.

Konferans pou laprès sou entènèt

Jou 17 jiyè a, Majistra Carlos A. Gimenez te fè yon konferans pou laprès vityèl ansanm ak fonksyonè Konte a pou pale sou nouvo Pwogram Sansibilizasyon Kominotè volontè a, ak yon nouvo òdonans ki la pou fè aplike yon sitasyon sivil $100 si moun pa mete kouvèti vizaj ak pratike distans sosyal an piblik.

Konferans pou laprès

Nan dat 2 jiyè, Majistra Carlos A. Gimenez te al rankontre ekip SURGE yo nan Liberty City pou diskite sou estrateji pou kòlte ak ogmantasyon ka COVID-19 yo.

Konferans pou laprès sou entènèt

Nan dat 24 jen, Majistra Carlos A. Gimenez te pale de estrateji pou kòlte ak ogmantasyon ka COVID-19 yo epi li te reponn kesyon repòtè yo

Konferans pou laprès sou entènèt

Nan dat 19 jen, Majistra Carlos A. Gimenez te mete avèk ekspè nan domèn sante pou reponn kesyon sou règleman Nouvo Nòmal Konte a ak monte nan COVID-19 la.

Konferans pou laprès sou entènèt

Nan dat 15 jen, Majistra Carlos A. Gimenez te pale sou kantite ka COVID-19 nan Konte Miami-Dade epi reponn kesyon repòtè yo.

Konferans pou laprès

Nan dat 4 jen, Majistra Carlos A. Gimenez te pale sou reouvètii enstalasyon byennèt ak kan dete yo pandan yon konferans pou laprès sou entènèt.

Konferans pou laprès

Nan dat 29 me, Majistra Carlos A. Gimenez te diskite sou reouvèti plaj, otèl ak pisin yo pandan yon kwaze pawòl sou entènèt.

Konferans pou laprès

Nan dat 27 me, Majistra Carlos A. Gimenez te fè yon konferans pou laprès sou entènèt pou diskite sou plan pou relouvri plaj, otèl ak pisin nan Konte Miami-Dade.

Konferans pou laprès

Nan dat 15 me, Majistra Carlos A. Gimenez te mete ansanm avèk fonksyonè ak ekspè medikal yo pou resevwa kesyon sou reouvèti biznis nan Konte Miami-Dade yo.

Konferans pou laprès

Nan dat 14 Me, Majistra Carlos A. Gimenez te rankontre Gouvènè Ron DeSantis pou diskite sou reouvèti daprè direktiv nouvo nòmal yo.

Konferans pou laprès

Majistra Carlos A. Gimenez te mete ansanm ak Gouvènè Florid la Ron DeSantis ak ofisyèl yo jou 6 me a nan nouvo sit mobil tès pou Mezon Swen Enfimye yo.

Konferans pou laprès sou entènèt

Majistra Carlos A. Gimenez te fè yon konferans pou laprès vityèl nan dat 1ye me pou pran kesyon medya yo konsènan efò Konte an pou bese pwopagasyon an ak inisyativ An Direksyon yon Nouvo Nòmal a.

Konferans pou laprès

Majistra Carlos A. Gimenez diskite sou règleman ak direktiv yo dwe swiv pandan Konte an ap prepare pou louvri pak, vwa navigab ak teren gòlf yo mèkredi 29 avril a.

Konferans pou laprès

Jou 27 avril, Majistra Carlos A. Gimenez te fè yon konferans pou laprès nan nouvo sit tès mache antre nan Nò Miami an.

Konferans pou laprès sou entènèt

Pandan yon kwaze pawòl sou entènèt nan dat lendi 20 avril a, Majistra Carlos A. Gimenez te diskite sou premye faz An Direksyon yon Nouvo Nòmal a.

Konferans pou laprès sou entènèt

Nan dat 17 avril, Majistra Carlos A. Gimenez te fè yon konferans pou laprès sou entènèt pou diskite sou prekosyon sekirite ak pwochen etap pou yon nouvo nòmal.

Konferans pou laprès sou sit tès Tamiami Fairgrounds lan

Majistra Carlos A. Gimenez te bay yon konferans pou laprès nan dat 8 avril pou anonse detay konsènan lokal tès Tamiami Fairgrounds lan.

Majistra a diskite sou chomaj, asistans pou biznis ak e latriye

Majistra Carlos A. Gimenez te fè yon konferans pou laprès sou entènèt nan dat 6 avril a pou reponn kesyon sou sa Konte Miami-Dade ap fè pou fè fas ak enpak COVID-19 la.

Konferans pou laprès sou entènèt

Nan dat 4 avril, Majistra Carlos A. Gimenez te fè yon konferans pou laprès sou entènèt pou anonse ouvèti sant tès COVID-19 South Dade la.

Konferans Patenarya Miami-Dade County-UHealth

Nan dat 3 avril a, Majistra Carlos A. Gimenez te gen avèk li chèchè Inivèsite Miami pou diskite sou yon etid COVID-19 nan tout konte a ki ta kapab bay plis enfòmasyon sou viris la.

Konferans pou laprès sou entènèt

Nan dat 31 mas, Majistra Carlos A. Gimenez te fè yon konferans pou laprès sou entènèt apre vizit li nan lopital tanporè Tamiami Park la.

Konferans pou laprès Hard Rock Stadium lan

Majistra Carlos A. Gimenez mete tèt ak Gouvènè Florid la Ron DeSantis ak ofisyèl nan konte Broward, Palm Beach ak Monroe nan dat 30 mas la pou pataje nouvèl enpòtan sou efò pou sispann pwopagasyon COVID-19 la.

Konferans pou laprès nan sit tès Marlins Park la

Majistra Carlos A. Gimenez te mete tèt ak ofisyèl yo pou yon konferans pou laprès nan dat 24 mas pou anonse detay konsènan sit tès Marlins Park la.

Konferans pou laprès sou Coronavirus

Nan dat 27 fevriye, Majistra Carlos A. Gimenez te fè yon konferans pou laprès avèk lòt ofisyèl nan konte a konsènan Coronavirus la.

Mesaj Majistra a

Nan jou 23 Jiyè a, Majistra Carlos A. Gimenez te avèk Chirijyen Jeneral Etazini an, Dr. Jerome D. Adams, lòt ofisyèl lokal ak ofisyèl eta a pou diskite sou ouvèti nouvo sit tès, enpòtans pou mete mask ak lòt efò ki ap fèt pou ede kontwole pwopagasyon COVID-19 la.

Kominike pou laprès

Resous

Videyo

Skip Feed